Chapit setyèm
M te eseye pat twò ekstravagan ak rad m te mete sou mwen pou ale nan fèt la! Li te gentan dizè m patko janm deplase! A chak fwa m te santi m manke yon bagay. M te abiye fre se vre, m te met pafen ki te pi santi bon an e an menm tan ki pa t ap deranje pèsonn. M te fon file tyas devan tèt mwen an epi m te mete yon pè zanno nan zòrèy mwen! M pa ka konte konbyen fwa m te gade tèt mwen devan miwa pou m te asire m tout bagay ok! M te mete yon mayo blan ki te gen yon chemiz bout manch anwo li koulè ble syèl, yon jeans ak yon tenis blan. Finalman m te deside fòk mwen ale.
M te devale eskalye a epi m te fon ti mache pou rive devan baryè lakay li a. M te tou tande pil gwo son depi devan. M te frape, m frape anpil avan yon moun resi ouvri pou mwen epi fè mwen rantre. Se premye fwa m te rantre anndan la, e lakay li te gen ase espas pou te vrèman fè yon fèt, anndan te gentan plen ak moun ki t ap bwè, epi fimen.
-Hey Snake!
M vire gade moun ki te rele m nan epi m wè Fé ki ap ri ban mwen! Li tèlman bèl, li briye! Li te met yon talon ki te fè li prèske rive yon mèt katreven mwen an!
- Kijan ou ye? M panse w pa t ap vini ankò wi! Ban mwen prezante w Ada! Se li k ap fete a! Ada mesye sa w ap gade la li rele Snake, li ret tou pre a.
-Bon rekòt kafe Ada, mwen kontan rekonèt ou! Jodia fè w senkant lane?
Yo te tonbe ri! Epi m rale yon pòch sigarèt m lonje l bay Ada!
-M pat konn ki tip fèt li te ye paske madmwazèl Fé pat di m,kidonk m te mache ak de pòch m fè w kado youn! M espere ou fimen?
-Mèsi Snake, ahahah kiyès ki pa fimen alèkile nou nan 2022! Mèsi anpil!
-Ou mèt suiv nou Snake n ap rantre anndan pito!
Fé te rete nan yon kay ki pat twò gran men ki te ka resevwa ase moun lè yo retire mèb yo anndan. Kay la te ba e anndan te tèlman plen ak moun, li ouvri pòt la,yon chalè toufe te frape nan vizaj nou. Ok m gentan vle retounen lakay mwen osinon rete deyò a. Men m te suiv li kan menm. Te gen yon tab men longè se sou li ou te jwenn tout kalite bwason yo. Te gen yon boutèy Cognac m te tou pase menm pran l avan m pat jwenn anyn ankò m ka bwè, anplis la va ranplase rès boutèy mwen an Fé te bwè jedi swa.
Gen kèk vizaj m te wè la ki pat enkoni pou mwen. Pami yo,yon gran frè Ifé ansanm ak yon ti sè l. Gran frè sa,se yon moun tèt chaje,malgre mwen pa janm ko pale ak li yon fwa nan vi m, m te konnen l pou twòp matirite misye te genyen e pou fason li te pran vi a twò serye. M menm sezi wè misye la, siman se pou voye jye nan fèt la! Paske nèg sa tèlman toujou serye li konstipe! Ti sè Fé pat sanble ak li fizikman,men nan konpòtan se te menm fanm detay yo! Kwak m renmen manzè anpil,Fé pa sispann fè m gen yon sèl enpresyon de li,m twouve l sipèfisyèl!
M te sispann suiv yo nan mitan moun ki la. M t ap chache yon kote m k mete kòm epi m tonbe sou yon bankèt nan pwent tab la ki mennen nan yon koulwa, m te chita la! M te kòmanse bwè epi fimen! M te tou pwofite fè yon boomerang lage nan story Instagram mwen epi tag ti mesye yo. Max te gentan ekri m tousuit pou konn ki kote m ye, men m pat reponn.
Apre yon trant minit konsa,zanmi Ifé a te vin jwenn mwen! M te wè l t ap vini byen deside, ak kè kontan.
-Hey,Snake se sa?
Li te oblije pale byen fò pou vwa l te ka kouvri son mizik la pou m rive tande l. M di l wi ak tèt mwen.
-Ou anfòm? W ap enjoy ou?
-Wi mèsi!
-Nou pral kòmanse voye dlo deyò a kou li fè onzè edmi a minui pou nou pete fedatifis!
-Voye dlo? M pa konprann
-Fé pat di w mache ak chòt sou ou?
-Non!
-Hein?
-M di w non!
-An nou soti deyò a pou nou ka pale paske m redi gòj mwen twòp.
Li pran menm epi li trennen m deyò a!
-Erezman m te mache ak kèk chòt pou gason m ap baw youn!
-Non san fason mèsi! M pap k mouye kò m nan nuit lan.
-M vrèman espere ou pa yon kwense Snake pou tout moun ap enjoy yo epi ou menm pou w rete nan kwen pa w! Ou vle fimen yon sigarèt ak mwen?
Ok demwazel sa te kòmanse mete mwen mal alèz, men kan menm li te gen rezon men m pat abitye ak pèsonn pou m ta lage kò m konsa! Menm Fé a,jodia fè apenn 4 jou depi nou apenn ap boukante lapawòl. Kidonk m pa wè pa ki mwayen m ta dwe rilaks tankou m te zanmi ak tout moun depi lontan. Li te pran yon sigarèt li limen l epi li ofri m youn, m pat refize.
- Fé di m ou rete nan zòn lan,kibò egzakteman?
-Si w vle m pral montre w kibò!
Li gade m epi li tonbe ri!
-Sof ou k ap viv nan kay sa Snake?
-Wi,mwen menm ak lonbraj mwen!
-Ebyen ann al montre m kibò non,m nan zòn lan souvan pa fwa m ta baw ti vizit!
M pat reflechi ak anyen,dayè fèt sa kòmanse raz kote m tande yo pral nan voye dlo sa,m te tou bezwen al lakay mwen.
-Esi Fé ap chache w mande pou ou?
- Tel mwen nan menm, la rele m.
Pandan m t ap panse pou deplase a m wè Fé ki pase byen lwen, li te byen deside tankou yon moun ki pral nan goumen. Li ouvri pòt la li soti! M te tou pwofite di Ada ann ale pou m te ka gen yon ide kisa Fé pral regle. Nou te soti tou suit apre Fé, m te wèl kanpe nan pwent koridò a ap pale ak yon moun byen fò. M pat k tande sa li t ap di yo ni m pat ka wè ak kiyès li t ap pale a.
M te rive anba eskalye yo epi m te di Ada men kay mwen!
-N ap rantre?
-Non n ap chita la pito!
M te chita sou premye mach nan eskalye a lè m ap monte! Te gen yon ti van frèt ki t ap soufle! M pat konprann kijan Ada te ouvri konsa e fè yon sèl rantre sou mwen, m te prefere fè pridans, sitou se Fé ki te prezante m li epi se zanmi l!
- Kijan ou fè ap viv pou kont ou Snake?
-Paske m gran Ada! M son gran timoun, jenn ti papi k ap boujonnen!
Li te eklate ri! Ada te sanble tèlman koul li rive fè m santi li nayiv! Men m te santi m pa fin rayi fason li ye a! Paske m pat pran tan pou m te montre m koul non plis, e menm ap fè blag ansanm ak li.
- Kijan ou santi w ap fete? Sa pase jan ou te swete li a?
M te lonje boutèy la ba li epi li pran yon kou li remet mwen li epi li kontinye pouse lafimen.
-Onètman non!! Kòm se Fé ki òganize tout sa, m pat gen chwa pa prezan! Men an verite, m te anvi rete lakay mwen, manje donuts, manje gato bwè chanpay, bwè diven, bwè kleren sou pou kont mwen epi domi!
-Poukisa brit sou kou konsa m santi w tris? Gen yon bagay ki pa ok nan lavi w?
-Non,non tout bagay ok! Se konsa m ye chak lè fèt mwen!
-E pou kisa ou konsa chak ane?
-Li raple m papa m ki mouri sa gen dis lane,lè sa m te gen dizan, e se te jou fèt mwen! Tout sa m fè m pa fouti bliye sa!
-M vrèman dezole aprann sa!
Yon silans te pran nesans nan mitan nou, li te kage tèt li dèyè pandan li pran yon nouvo sigarèt epi mwen m t ap gad syèl la ki te tou nwa!! Ou ta di menm zetwal yo pa mete deyò aswè a pou vin fè travay yo.
-Sinon, Snake kisa ou regle nan lavi w? Tanpri pa di m w ap viv nan yon kay pou kont ou epi ou pap regle anyen, otomatikman m ap panse 2 bagay, swa ou masisi, swa ou gen djaspora k ap okipe w!
Nou tou de te tonbe ri!! Petèt si se te yon lòt m te ka santi m ofanse! Men non, li te fè m ri!
-Yo madam sa pa mès mwen, m ap travay lendi rive vandredi 8è nan maten pou rive 4è apre midi! E lajan sifizan pou m pa tante konte sou diaspora! Masisi an menm m pa ladan ditou! M prefere yon fanm okipe m!
-Depi w dakò yon fanm ap okipe w yon lòt blodè ka fèl tou.
-Hey fè respè ou tande madanm! M pa nan kalalou ak pèsonn m pap janm konsa!
-Ou omofòb? Ahahah
-Yo, pito nou kite sijè sa tande!
Li ri epi li rale telefonn li pou l gade lè a! Onzè senkant! Nou te gentan gen plis pase trant minit sou eskalye a.
-Ou pap tou pran yon chòt pou n al nan voye dlo?
-Se egzakteman pou m pa t al nan voye dlo a ki fè m vin la wi!
-Ou pa vle al nan voye? M pap rate bèl plezi sa non! Al pran chòt la non m ap tann ou la!
Li te tèlman pèsiste, m fini pa reziyen m, m ap patisipe nan voye dlo a! M konnen a 90% m gen chans pou m leve ak yon grip nan demen, men jan Ada te kenbe m kout la, m te santi m ap raz si m ap pèsiste di l non. M ouvri pòt la m rantre al pran yon bout pantalon pou sa.
-Anfèt Snake m gen pipi m ka itilize twalèt ou a?
- Wi, ou mèt rantre nan pòt sa!
M te pwofite al nan chanm nan, ouvri ti wa chifonye a pou m pran yon chòt, m t ap chache men m pat ko jwenn.
-Kay ou pwòp pou yon gason!
-Mèsi!
Ah finalman m te jwenn youn! Epi m te pran l voye sou do m!
-Grenn zanno sa sanble ak yon zanno m te bay fè pou Ifé!
M gad zanno a epi m pa reponn! Dènye fanm ki te pase nan twalèt sa se Ifé! Si m te gen lòt fanm ki t ap frekante manzè t ap mete m nan zen,avan yè li kite kilòt li men kounya se grenn zanno l! M pran grenn zanno a nan men Ada epi m fouye l nan pòch mwen!
-Non se pa pou li! Ann ale non m jwenn sa m te bezwen an!
M t ap avanse pou m kite chanm lan men li ret kanpe la! Bra li kwaze ap gade m!
- M ka anbrase w Snake?
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro