Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit uityèm

Non! Non ak non ankò! Tout jwèt se jwèt men sa pa ladan! M te gen de rezon ki fè m te prefere aji tankou yon gwo mawozo,e tou de rezon sa yo se Ifé. M pa ko konnen si mwen gen yon chans renmen ak fanm m gen crush sou li depi senk lane a, m pat gen okenn anvi brize sa san anyen pako kòmanse! M pat konn kijan pou m di Ada dezole, men m pap kapab! Pwobableman devan silans mwen ak ezitasyon mwen li te rive konprann.

-Ow eskize Snake! Vrèman eskize pou sa mwen mande a! Franchman se jis, anfèt ann kite sa! Ann ale non!

Li te tou vire pou soti epi m te suiv li san di anyen. M konn tanperaman fanm,sa se yon rezon pou l dramatize tout sware a nèt e m pat vle responsab okenn chanjman atitid! Telefonn li sonnen! Epi li dekwoche!

-Wi Fé! Wi nou ansanm, wi n ap vini!

M te fèmen pòt la ak kle epi nou t ap desann eskalye. M te santi gen yon gwo moso glas ki te enstale nan mitan nou e m pat vle sa fini konsa. M kenbe men l epi fè l vire gade m!

-Ada!
-Ou gen menaj se sa? Pa enkyete w m konprann! Se fòt mwen, filig nan...
-Ok ok! Ou ka kite m pale tanpri? M pa vle w panse se paske ou pa enterese m ok, se jis m pa vle Fé pran sa mal epi se premye fwa nou rankontre, ou konprann?
-Ok se Fé ki entèrese w! M konprann pi byen!
-Non Ada pa di sa!
-Ah non? Epi grenn zanno li te ret sou lavabo twalèt lakay ou?
-Grenn zanno sa ka pou nenpot moun Ada!
-Wi men sa w fenk bliye, se paske m di w se mwen ki te fè l kado l! Sa vle di m konnen byen sa m te ba li a! Epi si se pat Fé ki te entèrese w ou pa t ap kyè pou konnen si anbrase m t ap deranje l ou pa, ou t ap senpleman anbrase m epi fini.

San kite l fin pale m te rale l sou mwen epi anbrase l menm kote a fedatifis yo t ap eklate anlè a! Men m pat sispann! Bouch li te frèt e dous an menm tan! Men an vrè m pat gen okenn ide fè anyen ansanm avè l! Sa pa pase nan lespri m menm yon fwa. Apre yon bon tan ap anbrase li, m te met fen tou dousman nan sa!

-Wow! Sa fè m byen goute bouch ou!
-Ann ale avan Fé tounen rele w! Alèkile tout moun dwe ap chache w!

Apenn nou te vire kiyès ki te kanpe ap gade nou! Ifé! Ada al jwenn li! Yo t ap mache devan epi mwen m te dèyè a! Men pèsonn pat di anyen pou jis nou rive devan baryè a. Fé pat ko fin ouvri pòt la yon tiyo plen dlo te fikse sou nou pandan tout moun t ap chante joyeux anniversaire ! M mouye tranp nan mwens pase senk segonn! Ada ak Fé te demake kite m deyò a nan lakou a epi m t ap gade yo ki t ap rantre anndan kay la! M re reziyen m rete tou mouye,sa pa t ap sèvi ak anyen ankò pou m te mete chòt la paske m te mouye tranp. M kanpe ap gad tout moun ki t ap enjoy ak dlo a!

Sak sot rive la? Men sa m pat vle a wi! Kounya poukisa Fé pral pran m? Tout se fòt ti chonin sa yo bay pou Ada wi! Bon mwen menm nan tou,toujou plen fanm apre m men sa m bezwen an m pa janm wè Kijan pou m rive sou li! Kounya alewè Ada pral esplike l Kijan bouch mwen te dous, tout bagay sa yo! M te kanpe tankou yon gwo koyo m pa konn sa pou m panse! M santi yon pipi kenbe m epi m mande yon ti patnè ki kote twalèt yo ye. M rantre anndan epi antre nan koulwa m te chita devan l talè a! Son mizik la te mwens wo parapò ak lòt kote yo,m te ouvri yon premye pòt se te yon chanm vid epi m ouvri yon dezyèm m tou jwenn twalèt la m fè sa m t ap fè a apre m soti!

Pandan m ap soti m tande yon pale anpil nan yon chanm ki anfas la. Pòt la te fèmen men si m te pwoche pi pre m t ap tande pi byen sa k ap di yo. Se te Ada ak Fé ki te nan diskisyon!

-Ou se yon moun ki toksik konsa! Kidonk ou ka pèmèt soti ak plimen ak moun ou vle mwen m annik ap pwofite de yon moman se yon pwoblèm?
-Mwen ak ou se pa menm moun Ada! Anplis ou pa menm konnen l se premye fwa ou wè l! Mwen pou dat m rete bò isit lan se avan yè nou resi pale,m pat prezante w li pou te gentan ale lakay li e fè tout sa!
-Avan yè ou resi pale avè l? Avan yè? Ebyen mwen avè w pa si diferan paske m jwenn yon grenn zanno m te ba ou lakay li! Avantaj ki genyen mwen se bo nou bo,ou menm ou te gentan plimen salòp!

M t ap atann Ifé demanti,di nou pat fè anyen men m pat tande l di anyen ankò!

-Konbyen fwa pou m di w mwen renmen w Ifé?
-Ou konnnen byen nou pap ka ansanm Ada!
-Ebyen pa anpeche m ansanm avè l!
-M flache sou li tou Ada kot sa w pa konprann lan?
-Mèd Ifé ou pa janm satisfè ak anyen! Tchuipssss!

M te tande bri pye k ap vini epi m te tounen rantre tousuit nan twalèt la epi m take pòt la! Lespri m pat ka reflechi nòmalman! M pat konn kisa pou m panse de yon konvèsasyon konsa. Men malgre tout sa m te tande youn nan bagay ki te vrèman fè kèm kontan se vwa Ifé k ap di li flache sou mwen! Finalman Ifé wè m, Ifé gade m epi li wè m! M te ret anndan twalet la epi m rale yon sigarèt m limen l. M te anvi pran yon ti joslin,m te anvi pase nan yon nivo vibe siperyè! Men m pat genyen sèl grenn moun ki konn jere mwen an se Max! Men a lè sa,m te mèt bliye bgy konsa! M te fin fimen yon sigarèt,apre m rale yon lòt, e nan trant minit m te pase anndan twalèt la m te fimen nenpòt senk yon sèl kou.

Li te anviwon 2è e m te vle rantre! Mizik lan pat sispann jwe men m te gen enpresyon pifò moun te fin ale, gwo limyè yo te etenn e yo te pase limyè ki konn nan disko yo pito! M te soti deyò a epi yon bon van fre vin frape nan vizaj mwen! Nan chak kwen deyò a te gen yon ti gwoup moun ki kanpe. Mwen m t ap mache rejwenn pòt la pou m te rantre lakay mwen! M sot pase yon wikenn an plen ap vale kleren, e jodia dimanch maten m pat vle rate rityèl meditasyon dominikal mwen! Deja depi jedi, mwen lapriyè!

M ta pral ouvri pòt la lè Fé parèt li kanpe anfas mwen.

-Ou ta prale san ou pa di m?
-M pat wè w! Mèsi pou sware a,mwen espere tout moun te byen amize yo,sitou ou menm la belle Fé!

Li te senpleman sekwe tèt li ban mwen!

-Mèsi paske w te reponn prezan ak envitasyon an! Ou vle m mete w pi devan?
- Non, m vle w rete la m ap rantre dirèk!

Epi m te bo l sou fwon! M te santi l etone de jès la! An verite ni mwen tou m te etone! Men m te kite l la epi m ouvri pòt la m ale! M te rantre byen vit al retire rad mouye sa ki sou mwen an epi chanje m pou m kouche! M te mete alam mwen pou 5è edmi nan maten. Epi m te pwofite kite yon mesaj pou Max.

-Yo demen tcheke m tande man ak 5 pake!!

M te mete telefonn nan la, m pran yon vè dlo mete sou tab la bò tèt mwen an, epi m kouche! Lè m dòmi m pa konnen!

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro