Chapit twazyèm
Tout dèyè moto a, Fé te kontinye ap joure pandan l ap kriye an menm tan. Tanto m tande l ap site non Peter, tanto l ap pale de ti patnè a. Epi kèk enjonksyon l ap itilize ta vle fè m kwè se fòt li sa ki sot pase a. M pat senpleman kouri ak Fé pou li pat viktim tou, m te tou pwofite lage pye m paske m knnen lapolis te ka ateri nan kèk segonn. M fin abitye ak Peter, se pa premye fwa l ap pran prizon pou koze sa yo. Misye se yon moun ki gen gwo san anpil, e li pa janm nan joure ni nan goumen, tout konba li se mete san w deyò, lè sa li santi l byen e l pap pè fè tan nan prizon.
Men youn nan bagay ki entrige m' se kisa ki pase ki rive leve eksesivite zak sa Peter sot fè a. Peter gen gwo san se vre, men depi sa ki pase a pat si grav, li pa t ap mete san misye deyò. Nou rive epi m peye moto a li ale. Se lè sa m ap mande sa k rive m la mwen menm. Kijan fè mwen pran demwazèl sa ap rantre san m pa menm konn sa ki rive a. Kijan fè mwen kite ti mesye yo san m pa chache pote okenn èd ba yo?
M ap gade Fé k ap rantre nan koridò a, pou li al lakay li. M kouri rejwenn li avan li rive devan pòt kay li.
-Fé, ou anfòm?
Malgre koridò a te fè nwa,m te rive wè jye zanmann li yo ki plen dlo k ap gade m.
- M anfòm wi men ou pat dwe rantre ak mwen! Tout moun pral di se fòt mwen, tout moun pral di m fè nèg mwen Peter ponyade misye ak yon tchou boutèy! M pa ka rantre non. E si misye mouri? Epi m te di l non wii, li toujou ap fè yon kaka jalouzi, ou panse lapolis gentan rive? Hein? Kounya Peter pral nan prizon ankò! Kèt mesye!
M pat janmen ka rive fè paralèl ant sa li t ap di yo men m rive konprann Fé konn Peter anpil. Men sa m pa konprann se pou kisa menaj Fé a t ap fè jalouzi pou Peter e sou kisa Fé te di menaj li a non an. Men pi gwo entèrogasyon an se poukisa moun yo pral di Fé fè nèg li Peter ponyade menaj li? M pa konprann anyen. Kijan Peter ta fè kapab nèg Fé? Osinon sa ki fè moun yo ta ka di yon pawol konsa?
- M konprann men m t ap konseye w rantre epi repoze w,si ou vle m ap tounen al gad kijan sitiyasyon an ye e gad kisa m ka fè!
-Kijan ou vle m repoze m la menm? Ou ka di m? Anplis pa gen moun lakay mwen. M dwe tounen lòtbò a, m pa ka kite Nick ap benyen nan san l konsa!
- M panse li twò danje pou w tounen,sa k rive lapolis mete men sou ou tou! Si ou vle ou kapab rete lakay lan pou nuit lan. Epi mwen m ap tounen al gad kijan rès bagay yo ye.
- M pè. Si m ret nan kay sa pou kont mwen m ap si telman imajine senaryo nan lespri m, m ap leve soti!
Lè l te di li pè a yon sèl anvi m te genyen se pran l nan bra m! Men m deside rele Max pou m konnen sa ki pase. Paske m pa t vle li tounen nan 34 la menm jan m pat gen okenn anvi kite l pou kont li. Fé te kanpe bò kote m lan de bra kwaze,nou te rete nan koridò a, nou pat ni avanse ni fè bak. Telefonn Max ap sonnen.
-Yo Snake ak gen la? Kote w ye la?
- M lakay wi bro, e ou? Kote w ye? Sa k pase menm?
-Ah Peter k ap fè kaka man! M pa ka pale twòp nan telefonn nan man men ti patnè a yo gentan kouri nan lopital Lapè an ak li, men li pa twò grav non, Peter pa pèse misye twò fon.
-Kot Peter li menm?
-Epa misye lakay li a li tèt frèt!
-Ebyen tout bagay sou kontwòl man?
-Yah man, tout bagay sou kontwòl, sèlman Peter t ap chache demwazèl ki te ansanm ak misye li blese a,li pa jwenn manzè!
M pat anvi poze twòp kesyon sou manzè pandan li la m te prefere mete fen nan konvèsasyon an epi demen na pale sa nan baz.
-Ebyen ok frè, ebyen jere sa si w bezwen yon bagay tcheke m.
-Alèz frè.
Epi m vire gade Fé ki te kanpe bò kote m lan.
-Yo mennen menaj ou a nan lopital lapè a. Zanmi m lan di m,li pa grav, e Peter li menm li lakay li.
Epi san mwen pa rann kont, atitid mwen te chanje. M te prefere pat mele mwen nan istwa sa ni eseye ap pwoteje demwazel sa. M vire do m kite l kanpe pandan m ap mache rantre lakay mwen. M tande bri pa li yo dèyè mwen an k ap suiv mwen. M fin monte eskalye a epi m ouvri ba li rantre. M pat rache yon mo apre sa, anplis m te santi Barbancourt a, ap monte nan tèt mwen m, m te anvi dòmi, kò mwen pat ka kenbe m ankò. Mwen montre li douch ansanm ak chanm pou li dòmi epi m te bal yon mayo mwen pou li mete. M te pran kèk dra ak yon dòmi dous, m lage yo atè a nan yon ti salon,epi m kouche pou m dòmi. M te etenn limyè kay la,sof sa nan chanm lan ki te ret louvri toujou.
M te fèmen jye m ap suiv bri pye Fé ki t ap monte desann. Apre sa, mwen tande dlo nan douch lan ki t ap tonbe epi apre m pa tande anyen ankò. M santi tan ap pase, dòmi pa vle pran m, m te deside pran telefonn mwen, al navige sou entènèt la. Epi menm kote a, limyè a limen nan salon an.
- Eskize m, m te vle di w mèsi epi swete w pase yon bon lannuit.
Depi lè li parèt epi kòmanse pale a, se bout pye li yo m tap gade! Epi jan mayo mwen an tounnen yon ti wòb sou li ki rive anwo jenou li. Manzè fasine m. M renmen wè Ifé anpil!
- Ok mèsi ou menm tou!
Li fin vire pou li etenn limyè a epi li retounen, li gade m apre sa li di m:
-M gen de kesyon pou ou!
M te ezite avan m reponn paske ak tout onètete m gen pou tèt mwen, m pat anvi pale nan moman sa la ditou. M te anvi di l mwen fatige e demen m pral travay kite m repoze m. Men, m pat reponn, m te senpleman depoze telefonn nan la epi m leve chita, ap kontanple ti zanno nan nen li an ki te rann li pi bèl toujou.
-Premye kesyon an se: ki vrè non ou? Paske m pa imajine mwen ki pral plede rele ou Snake.
-Kisa ou genyen ak non Snake la?
- Li...,m twouve li biza antouka.
-Ok e kisa ki fè w twouve sa?
- M pa konnen! Li sanble ak yon non drive.
M te souri malgre mwen! Ebyen wi son non drive ti cheri!
- Ou mèt rele m Snake, lè pou w konn bon non mwen, m ap di w!
Menm ti ekspresyon mepri an pase sou vizaj li! Pwobableman se yon moun ki toujou resevwa tout sa li mande, depi l pa jwenn li,ou pap ezite fèl gen yon santiman repiyans. Men sa pat entèrese m! Dayè li pako janm eseye rele m Snake yon fason m renmen,m byen anvi tande non sa sou bouch li ak vwa l k ap pwononse l.
- Ok Snake!
Li te peze sou Snake lan yon fason m pa renmen. Kidonk m te deside se pa konsa m vle tande non an nan bouch li,li pa konte! Ni premye fwa li te di mwen li kontan rekonèt mwen an pat konte non plis.
-Dezyèm kesyon an se Kijan ou fè rekonèt team DAUNTLESS la? Tankou Peter, Max, T-Pain?
-Pou dezyèm kesyon an, m grandi ak mesye yo, m konnen yo depi piti.
-Humh ok!
Li fin vire pou li ale,li tounen ankò!
-Ou gen Barbancourt? M pap rive dòmi si mwen pa bwè yon dènye kou pou m vide lespri m.
-M pa gen Barbancourt men w ap jwenn gwòg pou ou bwè.
M leve al pran nan chanm lan, yon boutèy Cognac m te kòmanse bwè pandan semenn lan, lè m rive, m jwenn kilòt ki te sou li a,lage sou kabann lan. M touche l malgre mwen. M te estime m ap vyole entimite l e se yon fot grav men m pat k anpeche m pran sant li pandan yon senk segonn. M te pran sant pafen sikre ki te ranpli espas lan apre midi an kot Marikamèl la,men fwa sa li te melanje ak yon lòt odè m pat rive defini! E se te agreyab! Menm esans Ifé di m renmen l. M te kouri pran boutèy la epi m soti, li te chita sou youn nan chèz kanape yo epi m te pran yon vè, lonje ba li.
Apre sa m pat ezite kouche ankò,ba li do mwen epi fè tankou m sou wout pou dòmi tout bon fwa sa. Apre yon pakèt tan ki te sanble yon letènite, m tande l ki leve sou kanape a epi li etenn limyè a.
-Pase bon lannuit!
M pat reponn! Apre yon ti tan pòt chanm lan fèmen epi lespri m tou detache de konsyans mwen.
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro