Chapit sizyèm
1è nan maten! Jwèt Verite oubyen Defi a se te sèks ak fè chòt alkòl, nou youn pat janm chwazi verite. Anaïse te kòmanse ale, alkòl la t ap monte nan tèt li.
-Ana Verite oubyen Defi?
-Ve...ri...te!
M te ri fason li te fatige a! Anaïse te rive nan limit li e si li kontinye bwè toujou, l ap fatal pou li, kidonk m pat deranje ak jan sitiyasyon an te vire a,li te prefere verite pase defi.
- Ou fatige Ana? Ou vle nou kanpe sa?
- Non! Non m... vle w... chwazi defi yon dènye fwa, lè m pral mande w...Verite...oubyen De...fi. Apre sa n ap kanpe....... Dakò?
-Ok!
-Verite... oubyen Defi?
-Defi!
-M ba w defi Snake pou...
M t ap tann rès pawòl la vini,li pa janm vini! Ana te dòmi,tout kòl te mouye! Swè, Barbancourt, spèm mwen! Tout te sou li! Ki dènye defi li ta pral mande m la? M te rale yon sigarèt m t ap fimen, 2 boutèy te gentan vid e twazyèm ki nan menm lan te prèske mwatye. Britsou kou sansasyon etranj m ap plonje a,te pran m nan tout manm mwen yo, efè ti joslin lan te gentan pase, e m pat rete ankò ti sachè Max te ban mwen, malgre m te pran sigarèt la nan plas li, sa pat sifizan.
M te kouri soti deyò a,al mande Max si li gen toujou, men lè m rive sou kanape a m te jwenn li menm ak yon lot ti patnè, yo t ap filange yon ti fanm.
-Max,Yo Max!
-Yo,m okipe!
-Ou gen ti joslin ankò?
-Non zanmi,al fè wout ou m okipe!
Apre yo twa m te vin jwenn nan pyès la, m pat wè lòt yo kote yo fè. Siman yo gaye nan kay la! Mwen al gad sou tab kote m te kòmanse snife ti joslin,m pa jwenn anyen, menm yon ti pousyè. M gad atè a,anyen menm! Epi m retounen nan ti salon m te ye avan. M te ouvri chak grenn sigarèt m pran tabak la vide nan boutèy la epi m te rasanble tout po sigarèt yo pou m te fimen! M te santi sansasyon an pi fò, m te santi m fòmidab. M t ap gade demwazèl la ki te kouche bò kote m lan, epi m t ap imajine Fé. M t ap imajine se tete Fé yo m t ap manyen konsa talè a,se bouch li m t ap bo e lang li ki t ap chache makonnen ak pa m lan. M pat sispann panse si se ta li ki kouche kote mwen an, kijan m t ap ye, Kijan sansasyon an t ap ye si se te avèk li m te pase tout sware an ap enjoy.
M t ap gad Anaïse ki kouche, epi m al jwenn li, m kòmanse souse tete l,m kòmanse bo l. M konnen li te enkonsyan, li pat reyaktif men m te anvi l toujou, se pa li presizeman men se yon anvi sèks paske m t ap fantasme sou Fé. M pat vle fè l avè l pandan l ap dòmi,ni kontinye fè l nan dèyè. M te eseye leve l, m te souke l, tonbe rele l jis m tande l fon ti bri nan gòj.
-Hey Ana, m anvi w toujou! Leve jis di m wi,m vle gen konsantman w. Ana! Ana! Ou tande? Leve, leve Ana! Eske ou vle m kontinye? Ana! Ana!
-Humh
-M di w mwen anvi w toujou,men fwa sa m pap kontinye nan dèyè, èske ou vle m kontinye? Di humh humh senpleman,di humh humh! Ana! Ana! Di Humh humh!
-Humh humh!
Ebyen menni! Yon ti vwa nan tèt mwen t ap di m non, paske Ana te enkonsyan, yon lòt vwa t ap di m wi,li ban m konsantman li m kapab kontinye. Pilsyon seksyèl mwen te wo e m pat santi m ka kontwole yo osinon m pat anvi. Men nan moman m te kòmanse pa gen kontwol anyen non plis. M te kanpe pou m retire pantalon sou mwen,epi m tonbe nenpot 3 fwa, jis m rive fè sa! M te chita anfas Ana ki te kouche atè a,epi m te pran de pye li, m pliye sou vant li. M te gentan bande san pèdi tan.
-Li pral fè w mal tou piti,men kòm w ap dòmi, ou pap santi anyen! Dakò? Ok! La m pral rantre tou dousman ok? Ok
Epi m t ap eseye rantre tou piti. Li pat bay manti! M pat vle fè li mal,m te ale tou piti, de tanzantan,jis mw rive antre nèt. Apre sa m pat ezite fè tèt mwen plezi. Anndan l te byen sere epi byen cho! Quelle nature! M pat ezite chanje pozisyon pou kont mwen jis m rive voye anndan l. Apre sa m lage kòm bò kote l epi m pa konn anyen ankò.
Solèy la te gentan wo lè m santi yon men k ap souke m!
-Yo,leve man! M pral rantre, m ap pase depoze w devan rantre lakay ou!
-Kilè l ye la?
-Li gentan onzè zanmi!
Oh nangyèt gad on tèt fè mal! M te fon gade bò kote m lan se sèl mwen ki te la! Peter ban m ti men pou m kanpe epi m fouye boxer ak pantalon sou mwen. M t al nan twalèt la pou m lave vizaj mwen epi m te di lè m rive mwen ap benyen.
-Kote demwazel ki te anndan ak mwen an?
-Medam yo ale depi maten byen bonè!
-Kot Max?
-Misye ale nèt,l ap dòmi!
Nou te monte machin lan epi Peter t al ouvri baryè a pou nou ka soti, apre li al fèmen l! Tout sou wout la m t ap reflechi ak kisa m pral regle lè m rive sitou m gentan santi gon grangou k ap veye m pase sa li pa konnen. E m pat nan okenn eta pou m t al fè manje! Ti dam ki te ansanm ak Peter a, li menm ban m enpresyon se sèl li ki te rete tèt klè. Li pat sispann ap ri epi pale nan telefonn pandan tout trajè a.
- Yo,lage m nan Frosty a, apre m ap pran moto pou m rantre.
-Sa w pral chache lòtbò a frè?
-M pral achte bagay pou m manje!
Nan de minit nou te gentan rive nan Frosty a. M te desann epi m rantre, m kòmande kafe san sik, ak de kwasan! M te tou pran yon manje midi pou m manje lè m rive! Diri ak pwa vèt,vyann kodenn ak sòs,salad makawoni ak gratine berejenn. M te oblije tann nenpot 1èdtan avan yo sèvi m pou m ale! Lè m soti deyò a m te tou jwenn yon moto kanpe devan.
-Yo,lage m silo nan koridò Janti a
-Sa ap fè w senkant goud.
M te monte. Apre senk minit konsa, m rive! M t ap rantre nan koridò a epi kiyès ki te chita sou eskalye a ap tann mwen? Se te Fé! Li te mete yon ti wòb an jeans sou li. Lè li wè m li kanpe! Vizaj li pat gen okenn ekspresyon, li te enposib pou m te imajine yon bagay.
-Bonjou! Finalman ou vini! M ap veye w depi yè men ou pa te rantre.
-Non, se kounya m ap rantre! Ou te bezwen m?
-Wi, m te vle eskize m dèske m te ale yè maten byen bonè san mwen pat di w. Ou t ap dòmi m pat vle reveye w.
-Ok,se pa yon pwoblem!
Li te avanse sou kote pou m te ka ouvri pòt la.
-Men m te sitou vle rekipere kilòt mwen an, m te bliye l nan chanm ou an!
-Se vre? M pat remake sa non yè, men rantre non ale chache li.
-Mèsi!
Li te rantre apre yon minit li te soti ansanm ak li nan men l ak yon souri timid!
-Anfèt yon kesyon? Kisa ou fè pou amize w?
- Sa pral depan!
-De kisa?
-De kijan mwen santi m, kote mwen ye a ansanm ak ki moun mwen ye!
-Ah ok! Si m envite w nan yon fèt pita lakay la w ap vini?
-Ok!
-Nevè l ap kòmanse! Pa enkyete w pap gen granmoun!
-Eeh Ok! An pasan kijan menaj ou a ye? Sa ki blese a?
-Nou pa ansanm ankò, depi yè!
-Ok!
-Ebyen pita! M ap tann ou wi!
-M pa di ni wi ni non! Men pou premye fwa la belle Fé envite m, m ap eseye fè yon efò!
Li souri epi li ale! M te kontan! Pou premye fwa depi lè desten m kwaze ak pa l,m te gen enpresyon li wè m e wi sa gen senk lane! Sant chicha frèz li a te rete nan lè a,sa te fè malgre li ale m te vrèman gen enpresyon li la toujou. M te fon monte sou paj enstagram ak fesbouk li pou m te wè si li te pale de fèt sa e fè yon estimasyon de konbyen moun pwobableman mwen ki t ap la.
Malerezman pat gen okenn enfo sou sa,dayè dènye pòs li yo se depi jedi jou altèkasyon an. M te depoze telefonn nan la epi m chita m manje! Apre yon trant minit apre m fin manje m te fon kouche epi dòmi te ale ak mwen.
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro