Chapit premye
Gen jou ki konsa, ou leve san enèji, ou pa anvi fè anyen. Malgre ou pase tout yon nuit nan mitan somèy, lenpresyon lespri w te kontinye ap travay reponn nan tout rakwen nan kò w. Yè te fè de san katreven senk sou twa san swasant senk jou depi m ap leve chak maten konsa. Poutan, maten an mwen leve diferan. M pa konn ki kote nan m mwen ak lespri m te fè yè swa men maten an m pèsiyade, tou de ansanm ak kò m, yo trè dakò pou yo byen kòmanse jounen an!
Siman ginen yo ap pote bon nouvèl! Li gentan prèske 8è lè mwen resi fini tach regilye mwen toujou fè chak maten avan mwen mete pye m deyò baryè kay la. Mwen abitye leve a 6è trant, m bwè yon vè dlo Mwen toujou mete chak aswè sou ti tab bò kabann lan avan mwen rive dòmi, apre sa mwen leve fè kenz minit ap lapriyè, se meyè fason mwen jwenn pou m rekonesan pou pi gran yo k ap voye jye sou mwen pandan m ap dòmi. Nan moman sa yo, fas mwen toujou bay sou fenèt chanm lan paske depi solèy lan ap louvri jye l premye enèji li yo ateri dirèk nan chanm lan ebyen m renmen resevwa enèji sila yo ak tout larekonesans. Apre sa, mwen benyen, mete rad anwo mwen ak soulye nan pye mwen.
Dabitid se lè mwen rive nan travay,mwen toujou kòmande manje maten,men jodia m te vle prepare yon bagay pou mwen manje anplis maten an mwen te senpleman leve ak senkant goud. Kòm li te gentan prèske lè pou mwen deplase, mwen te senpleman prepare yon pen ak ze mete li nan yon bòl epi mete kèk tranch zaboka bò kote li. Apre sa, se te tou nan kouri m t ap kite kay la pou mwen te mache rive nan stasyon an al pran kamyonèt ki pou depoze mwen devan rantre travay la.
Lè mwen t ap kalkile kenz minit mache sa ki te gen devan mwen, m te byen anvi pran yon moto, men mwen pa t gen ase kòb pou m te pèmèt mwen sa. Malerezman pa fwa swasant kenz goud se liks li ye pou mwen malgre mwen gen yon swadizan travay. Ebyen m te prefere mache rapid pou m al pran kamyonet la. M te fokis sou eskalye a m t ap desann lan ak ti koridò a m t ap kite ak tout vitès la pou m tonbe sou gran ri. Pou m byen di,m pa kwè nan kenz minit m t ap kalkile yo, de minit m t ap pran pou travèse koridò a te ladan, sa vin fè disèt minit.
Chak fwa m ap pase nan koridò sa, m pa janmen sispanm mande gran mèt la finalman kilè m ap kapab chanje anviwonnman. M se yon moun ki toujou gen malèz lè li retwouve li nan espas ki fèmen, kidonk travèse koridò sa chak maten,chak apre midi, se pa te nenpòt ki pinisyon paske li te afekte m plis yon fason ki sikolojik. Epi, pandan m te prèske rive sou lari konsa, m tande yon bri pòt k ap louvri ak yon vwa fi k ap ri epi menm kote a mwen resevwa yon kout pòt nan tèt ki voye m sou lòt bò mi an epi mwen kilbite manke tonbe.
Mwen fè yon bri si tèlman doulè a te desounen mwen! Erezman m pa t rive tonbe nan dlo sal sa ki ap koule a sinon se t ap retounen tousuit. Mwen fache apre frap sa, bò tèt mwen fè yon konkonm epi m vire gad figi moun sa ki pa t ka fè atansyon avan li ouvri yon pòt ak tout britalite sa. Epi li te la, tou kout, yon mèt karant yo konsa ak jye zanmann li yo ap gade m. Talè, menm eskiz non li pa di m!
- Kòman, non sèlman ou manke touye m ak yon kout pòt fè granm maten sa,men non plis ou pa gen lizay pou mande eskiz?
- Mwen mande ou padon wi mesye, mwen pa fè espre! Ou pa tande si mwen di ou sa. Bò tèt ou anfle wi ,banm wè!
Premye reflèks mwen se fè bak lè li di mwen ba li wè a. M pran yon senk segonn devizaje li pi byen,li te lage cheve li yo tankou afro li te gen yon zanno nan nen, li pa te menm gen yon rad nòmal sou li. Li te mete yon soutyen nwa epi te gen yon mak tatou sou tete goch li, m pa te ka wè byen kisa li te ye paske rès la te kouvri anba soutyen an, li te gen yon ti bout pantalon ak yon zèl sandal nan pye li. Mwen menm rive etone wè Kijan pye li te piti, anplis tou de cheviy li yo te dekore ak yon dal cheviyè.
-Non mèsi,gade ou a pap desann konkonm sa kout pòt ou a mete bò tèt mwen an mèsi!
Epi m tande yon vwa gason ki di l an nou ale. Se lè sa m ap rann kont li te ak yon ti patnè dèyè li. M pran wout mwen, m ale. Men mwen nève, tout enèji pozitif sa yo m te santi lè m te reveye a tout vole gagè nan kèk segonn. M rale yon senk goud nan pòch mwen epi m kòmanse woule konkonm lan nan lespwa li ap dezanfle paske m pa gen senkant kòb.
M rive li te 9è. M te responsab lojistik nan yon òganizasyon èd imanitè! Apre m te fin fè envantè, mete jounal you ajou epi fè demand pou atik nou pa gen nan stòk m te fon poze. Jye zanmann ti madmwazèl la pa janm soti nan lespri m! Se pa premye fwa, depi mwen wè li, li toujou asire l pou li pa kite lespri m repoze ditou! M pa menm wè poukisa lespri mwen toujou vle vwayaje al jwenn li! Dayè, li se estil fanm mwen pa renmen ditou! Modèl limena gran jipon sa yo, ki sipèfisyèl paske tout bagay yo mete se fo. Fo zong, fo cheve, fo plim jye, epi tatou, pil zanno, pil chèn manzè twò ekstravagan. Se modèl depi yo la ou pa ka pa wè yo.
Jounen an te sanse fini, apre kèk lòd ekip la ansanm ak mwen te fin mete nan depo a, tout moun te siyen epi ale. Mwen, m te deside rantre dirèk lakay. Malgre ti mesye DAUNTLESS yo ban m bri pou nou t al koule yon ti gròg, m te prefere rantre al dòmi paske m te santi m fatige anpil. Erezman lè mwen te soti deyò a m tou jwenn yon kamyonet pou m rantre. Nan yon bat jye m te gentan prèske rive lakay mwen. M t ap panse ak kòb mwen ki fini epi m rete de jou nan semenn lan ankò pou m soti. Epi m sonje youn nan ti mesye yo gen yon mil goud pou mwen. M bay misye yon apèl!
- Yo, sa k gen la frè?
-Poze wi bro, w ap rive sou nou man? Nou kot Peter a
- Non man, m te gentan di misye nou pap wè m jodia! M kraze man,lakay li ye!
- Sak pase? Mantal la pa anfom man?
- Tout bagay sou kontwol frè m pa enkyete w, blanch m blanch selman la,jere sa jere sa!!
- Ahahah mil goud la baz, mesye mil goud sa gentan gen yon mwa vre nan menm,yo mp ba w li ak enterè man. M ap voyel sou moncash pou ou bro!
-Alèz, ak ou selman m k an afè ak lajan wii man! Ebyen pa gen danje frè m mèsi na wè nan weekend lan!
- Demen jedi l ye wii zanmi fòk nou al savonnen kot Marikamèl la zanmi baay week-end w ap pale a nou pa okouran!
-Ahahah ebyen ok man demen ma gad Kijan ma jere sa!
-Ok zanmi na pale!
-Yeah,ale non!
M rive, m antre. M fon lage kòm sou kanape a epi m limen televizyon an ap gad videyo mizik. Apre kèk tan m kòmanse vle gen dòmi! M tande baryè a frape! Nan tèt mwen,m ap mande kiyès sa paske m pa okouran ti mesye yo t ap vin la! Baryè a frape ankò,fwa sa ak plis vyolans m leve mwen ouvri pòt la epi kiyès ki devan baryè a ap gade m? De jye zanmann ti madmwazèl maten an. Epi li souri tou piti.
-Bonswa Mesye.
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro