Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit Nevyèm

Lafwa m se yon mas pousyè nan yon van! Li pat bezwen soufle anpil pou l te leve ale! Ala verite m te estime m pat gen lafwa nan anyen osinon m te manke lafwa nan yon pakèt bagay! Rityèl lapriyè chak maten osinon prèske chak maten mwen, se senpleman paske m rekonèt gen antite ki plis pase m. Kreyasyon mond lan ak tout konpleksite li pa ka soti okenn kote pou ale okenn kote! Nan lojik pa mwen sa pat gen sans! Lasyans ka bouke pale de tout teyori yo vle,men sa ki esansyèl la kounya se kijan selil matyè endifòm sa fè kreye e ki fòs ki kache dèyè eksplozyon sa ki kreye mond lan? Si tè a kapab kreye apati anyen, menm anyen sa li dwe kapab defini, li dwe gen yon eksplikasyon ki plizoumwen gen sans, an gwo, menm anyen sa dwe se yon bagay.

An menm tan, m pa fin dako ak teyori linivè kreye a koz yon eksplozyon paske si nou aplike mo "eksplozyon" nan matyè kosmik inivèsèl, nou ta tonbe nan yon erè prensip, nou ta sipoze Linivè a te gen yon kòmansman, ki ta vle di li gen yon fen, paske tout sa ki komanse dwe fini selon menm prensip sa; sipoze yon kòmansman ak yon fen nan Linivè se sipoze yon kòmansman ak yon fen nan matyè, yon kòmansman ak yon fen nan fòs, sa ki ta absid. Pou mwen, sa ki gen yon kòmansman, se zetwal yo, depi yo fèt apre y ap mouri; men Linivè, nan kote li ap evolye a, li etènèl. Dayè se menm prensip etènèl sa ki mennen Lavoisier ponn refleksyon ki di: nan pwen anyen pèdi, nan pwen anyen nou toujou jwenn sou menm fòm, tout bagay kapab transfòme.

Soti nan meditasyon pou rive nan lapriyè, se pat yon pakou relijye, non sa pat gen rapò ak okenn fòm relijyon ditou! Se te pou m afèmi lafwa m, se te pou m rive deklanche nan egzistans mwen enèji sa ki ka fè m santi m ap pouse zèl, enèji sa ki te ka fè m rive fè tèt mwen konfyans e limen yon flanm dife nan kè m. Se pou m te ka tande ti vwa sa ki kapab gide m sou chimen lavi, pou m te kapab wè ak santi limyè sa ki konn limen nanm lan! Wi se te sa mwen t ap chache, se te lapè nan tèt mwen, lanmou m gen pou rèv mwen yo, santi enèji sa ki ap vibre anndan m lan grandi 24è sou 24è. M t ap chache viv moman prezan m t ap chache santi l nan chak senk sans mwen yo, nan lè a m ap respire a, nan reyon solèy la ki tyèd sou po mwen an, nan manje m ap manje, nan lanmou mwen kapab pataje. E sitou nan padon m dwe kapab distribiye pou tèt mwen ansanm ak pou lòt moun.

M te chita, m t ap medite! Moman sa te pèmèt mwen redui sou entansite maladi mwen yo,malgre efè a pat dire lontan pou m te pwofite ase. Tankou, pwofite silans pil vwa sa yo ki nan tèt mwen chak segonn lan, pil strès ak anksyete ki pa sispann fè mwen remete lavi mwen an kesyon! Apre yon trant minit, ap vide lespri m,m te lapriyè pou m remèsye enèji tè a, van, flanm solèy la ansanm ak dlo yo nan kat kwen mond lan pou tout bagay e sitou pou mwen ak kapasite yo ban mwen pou m rekonèt pouvwa yo.

Jodia se te dimanch, dezyèm dimanch nan mwa e se te jou vizit Sant Sikatri Defile! M te gen randevou la,chak dezyèm dimanch nan mwa pou m te ale wè yon pasyan! Randevou a se te a dizè kòm mwen te gen tan toujou pou m te prepare m, mwen te pwofite fè yon manje byen rapid! M te soti al nan mache a ki te tou pre a, epi achte pwa vèt ak diri peyi, m te pwofite achte yon mori an kè ak epis pou manje a! M te achte ponmtè pou fri ak òtdòg tou. Sa pat pran m anpil tan pou m te tounen al met manje sou dife. M te tou pwofite fè yon kantite pou m jwenn pou demen. M te fri ponmtè a ansanm ak òtdòg la mete nan yon bol epi mete nan yon bwat. M te fin manje epi m prepare m pou m sòti.

Distans kote mwen te ye a pou rive nan Sant lan, te 1è trant minit sou moto, men sa te vrèman pat deranje m pakouri yon distans parèy, m te ka fè li chak jou menm! Depi se pou moun ou renmen tout bagay posib,men kòm prensip lopital la se yon vizit pa mwa, m pat gen chwa apre koube m anba volonte yo. M rive, m t ap gad rantre Sant lan ki pat menm fin aksesib paske te gen yon bann nèg lespri yo pa fin devlope ase pou yo te konsyan, garaj sa yo konstwi nan rantre lopital la vrèman pa fezab. Etan done, se yon peyi 90% moun ladan ta dwe nan yon sant sikatri, mwen te reziyen m pase, san fè okenn kòmantè.

Sant Sikatri Defile a se te youn pami tout kote ki egziste nan peyi a, ki te fè m kwè Ayiti gen moun ak kè k ap viv toujou. Malgre li te sou 7 ekta teren, men pat gen ase fon pase sa pou te agrandi espas la, e gen posibilite pou resevwa plis pase san senkant moun. Dayè pi fò pasyan ki te la yo, fanmiy yo te abandone yo, e sosyete a pat gen plas pou yo! Chak mwen te gen chans kwaze ak direktè medikal Sant lan, li pat sispann plenyen ak mwen, si te gen aparèy sofistike yo itilize nan sikatri, si te gen yon bidjè pou fonksyone ansanm ak yon gran mwayen ekonomik, li menm ansanm ak ekip la t ap kapab fè plis pase sa y ap fè nan moman e pasyan yo t ap kapab jwenn yon meyè priz anchaj.

M te rive epi mwen rantre nan yon batiman ki te plizoumwen, m te jwenn ak yon enfimyè ki konnen mwen byen! Li kanpe, epi li souri!

- Mesye! Kijan sante a ye? Ou toujou rete fidèl nan randevou ou yo?
- Ah, mwen anfòm wi Miss! Ou konnen nou pa ka fin lage granmoun lan nèt!
- M renmen sa! Ebyen rantre al siyen apre wa pase al wè malad la!
-Mèsi Miss!

M pat ezite fè sa! Lè mwen rive nan resepsyon an! Mwen te bay non pa m epi m te siyen nan yon kaye ak ki lè mwen te vini nan espas la! Fwa sa, se te yon nouvo figi ki t ap resevwa moun nan resepsyon an!

-Mesye kijan pasyan ou vin wè a rele?
-Léonard Desravines!
-Fon ti tann!

M te wè li deplase al kot yon lòt enfimyè yo fè yon bon 3 minit kanpe ap pale. Apre sa li tounen vin jwenn mwen!

-Kisa ou ye pou mesye Desravines?
-Kòman sa? Se pa premye fwa non m ap vin wè mesye Desravines? Se chak dezyèm dimanch nan chak mwa mwen toujou la, li nan chèltè nimewo 33 ansanm ak yon lòt pasyan yo rele Soel.
-Ou pa okouran?
-Okouran de kisa?
-Mesye Desravines kite nou sa gen kenz jou wi mesye!! Fanmi li te vin pran kò a!
-Nou sanble pap pale de menm moun madanm! Mesye Desravines pa gen pyès lòt mou kòm fanmi apre mwen! Verifye ankò!
-Evre?

Li ale sou biwo a li rale yon lòt kaye, epi li tonbe feyte paj! Sa pat pran anpil tan pou l te kanpe sou yon paj ki fiks. Bizaman kè m te kòmanse bat fò! Non li pa ka mouri!

-Se sèl Desravines sa mwen genyen bò isit la wi vin gade non mesye! Nan kaye pa m nan li mouri a 8è nan maten, vin gad ki moun ki siyen an petèt se yon lòt moun nan fanmi an ki ale ak kò a!
- Madanm ki sans sa w ap di a genyen? Si se te yon moun nan fanmi an kijan mwen fè pa okouran? Tanpri mennen m nan chèltè 33!
-Malerezman chè kliyan, ou pa otorize pase dèyè a ankò! Paske ou pa gen pasyan la ankò!

M te pè! Non non! Sa pat kapab posib! Nan dosye Desravines se te mwen sèl kòm fanmi li te genyen,epi kijan misye mouri a? M te santi tèt mwen ap vire, m te santi m kòmanse pa byen respire! M te trennen pye m al chita sou yon ban anfas demwazel la ki pat sispann gade m! M pat konn kisa pou m panse, sa ki sèten lespri m t ap mal fonksyone, yo te mèt tou kenbe m anndan paske m te gen lenpresyon m t ap tou fou! Epi tristès ki te vle anvayi m lan te transfòme nan yon kòlè, nan yon anvi kraze tout bagay, nan yon anvi blese tout moun, yon anvi detwi monn lan paske pa m lan fenk brize.

M te tounen leve m al kot demwazel nan resepsyon an. Kaye a te rete louvri sou biwo a epi mwen pran l, mwen chache non Léonard Desravines, lè li mouri se 8è 23 e moun ki siyen pou leve kò a se te Freda Azor! M te soti deyò a m pran yon moto epi rantre lakay mwen!

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro