Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit Dizyèm

« Le déni » an fransè yo rele sa « le déni » osinon « deuil maniaque » apre britsoukou mwen te fin kite sant lan, kòlè m te santi a te kite plas ak okenn santiman. M pat ni tris,ni fache, ni an kòlè, ni santi yon vid. M te senpleman konsyan sèvo m t ap chache meyè fason pou evite yon chòk emosyonèl e li te rive kreye yon mi ki te kapab separe l de tout doulè emosyon ta kapab fè m santi!

M pat konn depi konbyen tan m te chita sou eskalye a ap chache fason ki pi miyò pou m te kapab al chache kisa Freda te regle ak kò misye! Lespri m pat sispann vwayaje. An atandan m te jwenn sa mwen t ap chache a, m pat ezite rale kèk sigarèt. 1è pase, 2è pase, 3è pase epi m te sispann konte!

- Hey ou anfòm?

Fé! M pat gen okenn anvi pale, ni okenn anvi antame yon kèlkonk konvèsasyon. Men kote lespri m te ye a, li te deside pou yon moman, bay Fé tout atansyon li merite. M t ap gade l k ap avanse epi monte premye mach ki nan eskalye a.

-Ou anfòm Snake? M wè w chita la yon bon moman!

M te toujou pat reponn! M te senpleman t ap gade l! Pwobableman li te ka santi m ap meprize l, oubyen m deside ap fè still sou li menm si m pa konnen poukisa yon moun ta deside fè still sou Fé! O final m te senpleman rann mwen kont, m te jis pat gen okenn mo, ni okenn fraz ni okenn kapasite panse pou pale ansanm ak li!

- Ohw! Si m te konnen ou kòm yon moun ki renmen meprize moun, m ta prale wi! Men si m pa manti se premye fwa mwen wè ou chita sou eskalye a pou pase tout tan sa! Sa fèm santi ou pa anfòm!! Banm fimen avè w non!

M te lonje bwat la ba li!! Li pran youn epi li rale yon brikè li limen l. Nou te chita, sant li pat menm jan dabitid, jodia Fé te gen sant kanèl, e sant li te tankou yon relaksasyon, yon soulajman, yon trankilite, yon silans avan yon moman latroublay m te pwofite jwi!

-Sa w genyen Snake? M konnen sa pako fè menm yon semenn depi nou vrèman ap adrese youn lòt lapawòl, men ou kapab pale ak mwen si w vle!

Kijan m pral esplike l sa m genyen an? Ak ki mo? Ak ki fòs? Se pa toujou tout sa ki rive nou kapab mete mo sou yo, ni sou santiman! Pa fwa, la pawòl pèdi pouvwa devan kèk sitiyasyon. A laverite, se pat anvi pale m pat genyen, pou jan m te gen yon dezod k ap fèt anndan tèt mwen nan moman, li te ka vrèman benefik pou m evakye tout sa sèvo m ak lespri m, pat vle mwen santi yo. Men puiske m pat santi yo, puiske sèvo m te mete an mòd vèy tout sa m te dwe santi, m pat konn ki meyè fason m te ka jwenn pou m eksprime m!

- Papa m mouri depi kenz jou e se jodia m konn sa! Fanmi m pran kò a depi menm jou a,men pèsonn pa janm mete m okouran!
-Ow! M vrèman dezole aprann sa ki rive a!

Fé te manyen do m pou li montre m senpati li gen pou mwen!
-Men ou di fanmi w pran kò a depi menm jou a? Ki kote papa w te ye?
-Li te nan Sant Sikatri Defile depi yon bon moman deja.

M pat souvan pale de papa m pou m pa di m pa janm pale de li! Men nan kèk moun ki te konnen l nan Sant Sikatri a, te tou konsidere l tankou yon moun ki fou! Pwobableman wi, men pou mwen se pat sa! Papa m pat fou!

-M t ap kontan rekonèt mesye sa ki fè edikasyon bèl ti gason sa ou ye a! Ou tèlman respekte moun e pa janm nan mele ak moun ni nan fouk, nan jye pa m, pa sispann wè w tankou yon moun ki chaje mistè lakay li!

-Pwobableman papa m t ap kontan rekonèt ou tou, men fòk depi lè ou kwaze li a, se de astwoloji, se de jeografi, de fosil, laj milenè ou pale ak li! Dayè menm si w pa konn anpil bagay sou sijè sa yo, fòk ou konn minimòm lan pou w rive konprann tout sa li pral esplike w yo!
- Aah! Li te yon chèchè syantifik?
- Wi, men li pat sètifye! Rechèch li te konn ap mennen yo se te plis yon kèt pèsonèl! Li te pèsiyade, gen eritaj ansyen sivilizasyon ki te abite lil la byen avan endyen yo te la toujou! E pou li se te yon bann trezò kache li te vle dekouvri pou kont li!
-Ow! M santi li te yon moun vrèman entèresan!! M t ap renmen aprann plis toujou de li!

M t ap eseye sonje premye souvni mwen ak papa m! Premye lyen nou te kreye ki te make m pou tout vi m! Men pat gen youn ki fiks,okontrè te gen yon latriye bèl souvni ki t ap defile nan memwa m.

- Lè m te piti, papa m te renmen rakonte m istwa pa l lè li te pi jenn! Epòk li te souvan konn pale yo se te epòk li te nan ensousyans li! Li te renmen rakonte m lavi andeyò, jan li te renmen benyen nan larivyè, peche pwason, kribich, kijan li te soufri ensomni e kijan paran l yo te konn bat li, lè li fè yon dezòd! Li te toujou montre m yon nostalji lè l ap rakonte m sa yo, e sa te konn fè m santi, si li pat janm grandi pou dekouvri lavi sa ki chaje ak responsabilite a, li t ap viv pi byen.

M te pran yon ti poz, m pat sispann panse ak misye! Ak vwa li nan tèt mwen ak obsesyon li yo ki te rive koz nanm li an pèdisyon! Depi piti, papa m se ewo mwen. Se te pi gran save ki te egziste nan jye m, se te sèl moun tout sa li di se te verite e se li menm tou ki pou valide osinon rejte nenpot enfòmasyon mwen ta tande!

-M sonje jou mwen t ap gen 8 lane, li ede m konstwi yon kaleyidoskòp! Mwen te gen yon liv brikolaj pou eksperyans manyèl mwen yo. Kontrèman ak frè m epi sè m yo, m pat renmen entèraji ak lòt timoun parèy mwen, paske m te gentan konprann pase tan ak papa m te amize m plis nan aprann yon pakèt bagay pase ret jwe ak timoun laj mwen yo. E gras ak liv brikolaj sa, se pa de bagay mwen te rive fè. E dènye sa nou te rive konstwi ansan m, se te yon teleskòp ki te gen yon diamèt 200 milimèt e ki te kapab gwosi objè 70 fwa valè tay li pa rapò ak distans nou t ap gade li a!

M etenn sigarèt la! Epi m santi Fé tou pre m. Se pa nan sans fizik men pito nan koneksyon ki rive fèt nan moman nou te chita sou eskalye a. Se te premye fwa mwen t ap pataje tout bagay sa yo ak yon moun, menm ti mesye yo pa janm konnen pati sa nan istwa lavi m!

- M te souvan konn gade lalin lan, liy imajinè Jipitè yo,ansanm ak lòt bèl manifestasyon nan syèl la! Se te yon bèl epòk!
-Wow! Antouka m anvye ou! Gen de kwa pou regrèt li pandan li fè gran vwayaj la paske li kite anpil bèl souvni pou ou! Mwen m pa menm konn pa m lan. Li mouri byen anvan m fèt. Men menm si se ansanm ak manman m epi bò pè m leve, m pa rete kwè m gen anpil bèl souvni konsa ansanm ak paran mwen yo! Egzistans mwen se yon fenomenn nòmal, m grandi tankou yon timoun nòmal,tankou nenpòt timoun nan nenpòt kote nan mond lan! Ou konprann?
-M konprann Fé! Men tout sa m sot esplike w yo, yo pa dire lontan pase sa! Dayè avan mwen te rive nan kenz lane, van te gentan vire.
-Se vre kisa ki pase?

Telefonn mwen vibre epi m mande Fé pou li eskize m yon moman pou m te kapab reponn! Se te Max!

-Frè sak gen la?
-Poze bro, ou lakay ou? Talè m ap tcheke w wi frè pou bagay yo! M genyen yo sou mwen la wi! E bon an wi zanmi,e bon an wi frè, plip plip nan yon 30 minit ankò m sou ou!
-Ebyen pa gen cho non frè m ap tann ou!
- Ye!

M te rakwoche! Si devan eskalye a pat gen yon dal pa anlè ki te plizoumwen long, solèy la t ap gentan fin kuit nou, pou dat nou chita la! Jye m tou tonbe sou pye Fé nan yon bèl sandal, pye li te piti, pwès epi byen fèt! Men kòm m pa janm wè li ki gen rad long, m te sezi wè se te yon jip ki long li te mete jodya, li te met yon top epi mare tèt li! Gade l senpleman te fèm reflechi ak kijan Fé koute chè!

-Sa ki pase?
-Wi kisa ki pase ki fè bèl moman sa yo pat dire anpil? M sipoze se menm rezon sa yo ki fè li fou a?

Fou? M te gade l apre pawol sa, e se vre se tout moun ki nòmal yo ki konsidere papa m tankou yon moun fou.

-Eskize m Snake, m pat vle di sa konsa!
-Non,Non pa enkyete w! M fin abitye, dayè se pa moun tèt dwat ki ale epi rete nan sant sikatri,men pito, moun ki malad nan mantal.

Menm si m pap janm fin abitye nan tande lòt yo ki ap di misye te fou, men pou okenn malèz pat enstale nan mitan mwen avè l nan moman, m te dwe fè komsi mwen konprann li. Li te pran yon ti tan silans apre sa li kenbe men mwen!

-Snake, si w pa anvi pale de souvni sa yo, ann kite konvèsasyon an la, dayè sa rele tripotay pou m ap fouye w sou papa w konsa! Men m vle w konnen m vrèman dezole aprann li pa nan mond sa ankò paske li fè w anpil lapenn!
-Mèsi Fé!

M te siprann mwen k ap karese do men li ak pous mwen! Men m pat gen okenn anvi sispann e li pat gen okenn anvi retire men l non plis.

-Fé!
-Humh?
-Ou bèl ou konn sa?

Li leve jye gade m, li pat souri fwa sa, ni kò li,ni jye li pat eksprime okenn resanti. Li t ap gade m yon fason m ta kapab di l ap chache nan rega pa m si mwen t ap ba li yon verite osinon m t ap chache flate l. Men flate li pat entansyon m, se senpleman m pa janm rive konprann chak fwa mwen gade l, se tankou se nan moman m rann kont a ki pwen li son bèl bout fanm.

- Sa fè senk lane depi m konnen w ou konn sa?

-Senk lane?

-Siman sa gen yon semenn depi ou rann kont egzistans mwen!

-M dwe ale Snake!

Li ban m yon souri dezole, epi li desann eskalye  a byen rapid jis li disparèt devan jye m. Sak pase menm? Gen yon bagay ki echape m? Poukisa li ale rapid konsa?

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro