Chapit Dezyèm
- Bonswa mesye!
- Eeee wi bonswa, kijan m kapab ede w?
- Mwen te vle pran yon ti tan pou m mande w kijan bò tèt la ye! Paske maten an vre, ou pran yon move kout pòt nan men mwen.
M sezi pou yon mak atansyon parèy! Dayè m pa t janmen panse manmzèl te konnen mwen, vwa pou li konn kote mwen rete. Poutan m sèten mwen konnen li nan anpil detay sitou detay mwen pa t janmen bezwen okouran de yo.
-Wi mèsi, konkonm lan kòmanse dezanfle! Mèsi paske w mande.
- Ok ban m wè! Mwen te pote yon sachè glas ak parasetamòl nan ka ou ta gen tèt fè mal.
Li lonje yo ban mwen. Li te difisil pou mwen pou m te bese tèt mwen epi ba li wè bèl fwi travay li maten an. Men pou m pat parèt sifizan, m te asepte pran sachè glas la ak parasetamòl yo.
-Non ou pa bezwen enkyete w pou sa! M ap pase glas la sou li pou li ka fin dezanfle nèt. Mèsi anpil.
-Ok,non pa mwen se Fé, m pa konn si ou konn remake sa men mwen rete tou pre ou a egzakteman nan baryè ki te frape ou maten an!
Wi m konn enfòmasyon sa yo deja! Se sa m te anvi reponn. Anplis m te anvi ajoute se ti sinon ou ki se Fé, bon non ou se Aloumandia Ifé Batraville. Ou gen venteyen lane ak sèt mwa, nan senk mwa ou pral gen ven de lane. Ou fin lekòl ak sèz lane, dayè premye fwa jye m tonbe sou ou,se te egzakteman jou ou t ap fete sèz lane ou yo. Men m te senpleman gade l epi reponn li:
- Mwen kontan rekonèt ou! Ebyen mèsi ankò paske ou te pase pran nouvèl mwen. Yon pwochenn fwa!
Li te sanble etone epi yon ekspresyon mepri parèt sou vizaj li men li senpleman kanpe la de bra li kwaze sou estomak li, de jye zanmann li yo ap fikse m.
- Kisa? Ou t ap ajoute yon lòt bagay ankò?
- Wi ou pa ban mwen non w.
- Non pa m se Snake.
-Snake? Ok ebyen m kontan rekonèt ou Snake! Jan w te di talè a yon lòt fwa!
Li souri satisfè epi li desann eskalye a. M te kouri fèmen pòt la pou m pa t pase tan ap gade li ki prale. M pa t vle gen yon dènye souvni de li ki ta pral reveye sans seksyèl mwen yo. Ti souri talè a te byen satisfè m e m te prefere rete ak souvni sen sa de li.
Apre midi an te fini sou yon nòt solitid. M se yon moun ki renmen pase tan pou kont mwen,kidonk sa pa te deranje m nan okenn sans. Dayè m te pwofite li yon liv trè enteresan sou antreprenarya. La chèvre de ma mère.
Nan demen, jounen an te pase byen poze. M te leve pi bonè pou m te ka pase nan yon boutik ki gen Moncash pou retire transfè Max la. Frè a te jere m 2000 goud. Apre rès jounen an, Se te yon woutin m te rive abitye ak li! Kòm jodia m gen randevou ak ti mesye yo, apre travay m te tou pwofite desann nan 34 la, al kay Marikamèl. Depi nan rantre a, son mizik rabòday la rive jwenn mwen. M tou kòmanse santi mwen byen paske la m nan baz mwen!
Kay Peter a, se la ki Marikamèl la. Marikamèl se non manman Peter,men madanm sa avan li mouri se te pi gwo enfliyansèz sou delma. A lepòk entènet ak telefonn patko menm egziste nan nivo li ye jodia,poutan pa t gen moun ki pa t konn Marikamèl se te rival gwo manman! Wi wi moun nan kè pòtoprens ak anba lavil te gen gwo manman ebyen nou menm ki te abite anwo yo te gen Marikamèl. Mwen te konnen l depi lè mwen gen konesans. Lontan kay sa te yon gwo bòdèl, dayè pi bèl fanm dèlma ak petyonvil se lakay Marikamèl w ap jwenn yo.
Jounen jodia, Peter li menm fè kay la tounen yon estidyo pou fè tatou ak pèse epi lakou a tounen yon espas depi li fè yon lè ki disponib pou tout moun ki vle vin koule yon gwòg ak manje fritay. M rive e ti mesye yo te deja la. M tcheke chak grenn nèg epi m te fè youn nan medam k ap sèvi yo, lonje yon Barbancourt pou mwen! Paske mwen m pa ka bwè byè a ditou! Sant Prestige fè m sou!
- Yo Snake,ak genyen menm frè ou pa ret sou nou ditou non man.
-Ah mesye nou konnen baay travay 8è/4è se fann langyèt! M telman te fin abitye nan pap regle anyn,m gen sis mwa nan travay la ni kò m ni lespri m,youn pa fouti antann yo sou kesyon chak maten n ap leve bonè pou nou al vann lè a.
- Ahahah m te konsa tou broh! Mwen menm yon kras motivasyon m pat gen ankò depi sou dezyèm semenn travay la. Men m la toujou m pa mouri Ahahah.
- Yo Max pase m alimèt la tanpri!
- Ou tounen nan fimen man?
-Non,m rale l yon lè konsa bro,pa enkyete w man!
Pandan m chita konsa m ap enjoy moman epi lide m tonbe sou manman m! Premye fwa li bare m ak yon sigarèt nan bouch mwen, tout lide l te di l mwen te menm rantre nan vòlè. Poutan, a lepòk m te konsidere l tankou yon senp amizman, yon manyè pou montre lòt ti jenn nan geto a,ou wil e yo baw respè! Yeah a lepòk m te senpleman montre m te reyal tòg san mwen pa t janmen imajine m te k vin adikte.
Epi m te chita sou sofa ki nan lakou a, m kage tèt mwen dèyè, de jye m fèmen. M t ap enjoy moman,m tap enjoy mizik la, m t ap enjoy sigarèt la, m t ap enjoy sant pafen sikre sa ki t ap ranpli lè a e ki melanje ansanm ak sant sigarèt la. Vwa ti mesye yo te prèske kouvri son an si tèlman yo t ap ri byen fò. Epi youn nan yo teke m pou poze m kesyon sou ènyèm konvèsasyon yo te antame. M louvri jye m.
-Èske se pa vre Snake?
-Sa l ye la mesye?
-Peter deplimen 98% fanm nan 34.
M tonbe ri paske m okouran jwè sa pa jwe, Peter te toujou konsa, dayè kontrèman ak nou menm, misye pa janmen koze ak fanm ni rete ak youn nan yo! Nan liv lavi misye chak fas yon paj se yon fanm diferan!
-Kidonk Snake, ou dakò nan 10 fanm yo ki anndan la,Peter plimen tout?
-Sa e klè monchè!
M fon gade kantite fanm ki anndan la epi m te tou pwofite ap gade si genyen ki bèl timoun vre pami sa Peter bay palavire a deja. Epi jye m tonbe sou Fé! Kè m rate yon batman avan li reprann vitès pilsasyon nòmal li. Sa l vin chache la? Kijan Fé, fè konn Marikamèl? Li te chita a yon ti distans kote mwen ye a, ak menm ti patnè yè maten an. M pran tan mwen pou m devizaje misye. Ta sanble se menaj li. Antouka se pwototip gason tout medam yo reve genyn an pou yo afiche! Nan jye pa m misye pa t sanble gen okenn enpèfeksyon poutan li pa sanble Ifé!
Nou te kontinye ap enjoy e detanzantan m t ap vòlè jye gade Ifé. Li t ap bwè san kontwol, li t ap fimen,li te menm sou fè seksyèl ak blodè a nan boul figi tout moun ki la! M pa t sispann gade li,kò li plen kon ze epi li foule,apre jye li,bout pye l pat sispann atire m. Fé fout bèl! Lannuit fin rive epi m pèdi kontwòl li! Li te kòmanse ta e demen m te gen yon Dènye jounen travay pou semenn lan. Menm ti mesye yo te fin gaye, m pèdi kontwol yo! M te rele youn nan medam k ap sèvi yo pou m te fè li konnen se Peter k ap peye tout sa mwen konsonmen jodia epi mp prepare m pou m lage pye m.
Britsoukou konsa, m tande yon bri boutèy ki kraze epi m santi gen yon ajitasyon anndan lide m frape sou Fé epi m voye jye m ap chache ki kote l ye. Li siman gentan ale, epi m tande vwa yon moun byen fò k ap joure, lè sa mwen wè Ifé k ap dezabiye ti jenonm ki te ansanm ak li a. San m pa rive konprann sa k ap pase a,m wè Peter fouye yon moso boutèy nan do misye epi tout moun ki la kòmanse rele fè bri. Premye reflèks mwen, se pran men Ifé kouri kite espas lan ak li. Dayè, kèk gout san te vole sou li. M pran l m rale l soti deyò a. San li pa gentan mande m sa ki pase,nou te gentan dèyè yon moto nan direksyon lakay nou.
Aswè a nuit lan sanble pral long.
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro