Chapit 8
Jewòm te yon nonm terib. Men wotè l, men lajè l ou pa ta di se yon pye mapou tèlman nonm sa te yon potorik gason. Men se pa t fizik li ki te fè l terib. Men pito karaktè l. Jewòm se yon bilga sale. Pèsonn pa te janm rive konprann li. Yo pa te kapab tou. Depi lè mouche sa te vin enstale l nan katye a ak madanm li Malèn sa gen kèk mwa, li pat bay okenn moun nan zòn lan chans pou apwoche l. Nan fontenn tiyo a lè li vin pran kèk bokit dlo pou madanm li se te toujou ak kat min nan fwon l. Li monte sou moun san di bonjou ni eskize. Yon vre lwijanboje. Lòt medam ki konn vin pran dlo tou te toujou ap fè ti wounouwounou pou di jan msye sa maledve. Yo te toujou ap plenyen jan yo pa ka sipote gwo po a. Nou konnen jan ayisyen sansib pou ti bonjou yo. Kanta jèn gason ki te sou katye a menm, tout te sisèk se kèk move zak mouche a fè nan yon lòt zòn epi li vin kache pa bò isit ki fè li pa janm nan chita jwe domino ak yo. Menm mwen ki te rete akote Jewòm pat rive rache yon mo nan bouch msye malgre m te konn di l bonjou lè m kwaze ak li nan maten.
Si Jewòm te yon katedral gason, Malèn li menm te yon retay a fanm. Li pat gen devan, li pat gen dèyè. Li te pòtre yon fèy papye. Ou pa ta di se se plwaye Jewòm te plwaye l mete l dèyè pòch li pou mennen l sou katye a. Malèn te sanble yon moun ki timid anpil. Apa al nan mache, al dèyè dlo oubyen lè l parèt tèt li tou prese pou jete yon dlo sal nan rigòl ki pase devan lakay li a, li pat fasil pou moun wè Malèn nan lari. Ta sanble mouche Jewòm tèlman domine manzè li te pè pou yon lè msye pa vin bare l deyò kay la. Mwen raple m lè moun sa yo te fenk vin rete nan katye a, yon jou manman nan soumoun li te kanpe fè yon ti pale ak Malèn. Podyab ! Apèn Jewòm t ap antre. Li te annik bay Malèn yon sèl kout je malerèz la kouri antre anndan lakay li tankou timoun ki wè madigra. Jewòm menm te pase fèmen pot lakay li san pete bay manman m santi. Apre se te kalòt nou te tande ki t ap pati. Nou pat bezwen fè gwo efò nan devine Jewòn te pase Malèn kèk tabòk pou sèlman sa.
Men malgre tout baryè sa yo Jewòm te drese ant li menm ak vwazinaj li sa pa te vle di poutan yo pa t konnen sa k ap pase lakay li. Se pa te yon bagay ki konplike tou. Nan zòn lan tout kay yo te tèlman kole ou pa ta di tout moun t ap pete nan menm bouda. Yon sèl latrin konn pou plizyè kay. Tout moun t ap viv souf nan souf. Lè apredimi se marèl pou yon moun ap jwe ant rigòl dlo ak timoun k ap jwe nan chimen pou mennen w lakay ou tèlman nou te pil sou pil. Ant kay yo pat gen okenn entimite. Dayè tout se yon pakèt ti kounouk yonn oubyen de pyès. Chat konn ap dòmi nan chodyè lakay ou pandan w ap tande vwazin la k ap grate graten an ak yon move san paske pitit fiy li a te kite l boule konnya se jete l pwal jete l. Bagay la te grav. Ou te rete lakay ou menm zòrèy ou te lakay vwazen an tou. Se pou lawont ak je chèch chak maten, yon moun pa t klèwonnen nan tout katye a konbyen kout alsiyis Jaklin te bay pase Jozèf. Oubyen pa te avili Michlin ki te fin pèdi vwa nan rele jan l ap mouri poutan li te gen odas mande mari l yon dezyèm bagay. Menm jan tankou raje, mi yo te gen zòrèy.
Se konsa yon jou li t ap kouri midi yo, pandan manman te fin detoufe yon ti diri ak pwa chèch dife te fin etenn anba l, nou tande pòt lakay Jewòm ouvri epi msye di madanm li :
- Malèn kare w ?
Manmanm ki te fin mete chodyè a atè pou l separe ti sove lavi a gade mwen ak ti sè m lan ki te koupi nan yon kwen. Nou gade l tou. M pa konn ant manje a oubyen oubyen sa k pwal pase kay Jewòm lan nou t ap tann. Men nou tout rete an silans. Manman m pa te moun ki nan veye afè moun. Men gen katye ou rete ladan l se pa ou menm ki al chache afè moun. Se afè moun ki vin anmède zòrèy ou jis anndan lakay ou.
Malèn podyad sanble t ap lave de ou twa ranyon. Nou tande yon moso savon ki tonbe nan yon kivet epi malerèz la k ap di :
- Bon Jewòm ou wè m okipe. Se lave m ap kouri lave pou m kouri al nan mache a.
- Hey fout ! ou menm lan ou toujou sou fe yon pakèt pale anpil. Kote w te ye depi maten ?
Tout lide m te di m Malèn sanble te fè yon derespektan epi li pwal pran kèk baf gwo midi a. Podyab mwen. M tande yon bwagèt pantalon k ap dezipe pandan Malèn t ap kontinye fè plenyen. Vwa l te tankou yon moun ki sanble vle kriye.
- Jewòm mwen menm m pa ka nan bagay sa. Ou soti kote w soti. Tou cho, tou bouke. Epi w ap di vin di m kare m san karese.
- Ki bagay w ap pale la? Pou karese m t al ranmase w nan twou koukou andeyò w la. Louvri pye w… Non ou pa bezwen desann kilòt ou. Kwochi l yon bò.
Manman m te djake. Mwen ak ti sè m lan ki gentan sou men nou depi sou bri zip la fè tankou n pa konprann anyen. Nou te pran pòz ap netwaye zong nou.
- Wouch Jewòm li fè m mal… Wouyyy ou antre l voup san pase yon ti krache menm. Kijan w ye konsa?
Sanble se pa ak Jewòm Malòn t ap pale. Se yon gwo souf ki te reponn malerèz la. Yon bri yon moun k ap pilonnen. Kote manman m chita a zye l te prèske soti tèlman sanble te sezi. Li pat konn si pou l di nou soti al jwe devan pòt lakay la oubyen rete anndan. Malgre manman m te gen de pitit, vizaj li te tankou tifi ki poko nan anyen ki pantan sou yon gason k ap benyen toutouni. Apre yon senk minit konsa bri souf la fè yon sèl kout monte epi nou pa tande anyen ankò jiskake n se bri pòt Jewom lan fè nou konprann msye soti. Tou cho, tou bouke jan l t antre a.
Manman m separe ti manje a silans. Bondye ki fè dife te etenn avan ti diri a te rive fè graten. Sinon jan manman m fè prekosyon pou li pa fè bri sanble l pa t ap gen ni kouraj ni kè pou grate l fò. Chodyè se bagay li landjèz pou fè moun konnen w la.
Kèk jou apre sa, mwen pa sonje si se te vye pè tenis santi m lan m t al chache sou do latrin lan, m te tande yon ti plenn anndan anba anba. Tankou yon k ap fòse pouse. Wa ta di yon moun k ap agonize. Nan tann zòrèy mwen pi pre, mwen te tande Jewòm ki t ap pale tou ba.
- Mezanmi depi plis ke sèt jou mwen pa ka poupou non Jezi. Ou kwè se nan garaj la yo voye wè m ? Fòk mwen ta fon soti wi.
Mi latrin lan te gen yon twou pa anlè, mwen wose pou m we eskè se vre se Jewòm ki nan penitans sa. Lè m lonje kou m mwen wè do msye ki koupi sou bouch latrin lan. Do l te swe tankou Bouki. Li t ap tòde tankou se vè ki tonbe nan sann cho.
- Kaaa… soti non ka… O ! Jezi bagay la fè m mal. Kakou… soti non.
Si yon moun te di m sa mwen pa t ap kwè. Jewòm t ap pase de men l pou karese bo bouda l k ap fè l mal..
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro