Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit 6

Nou pa te rich men nan katye a tout moun te respekte nou. Manman m t ap bat dlo pou l fè ak  yon vye bak sirèt devan l. Nan bak sirèt sa te toujou gen 2 ou 3 bonbon Guarina ak kèk grenn gwo boul sirèt mant wouj e blan k ap kouri lago lago tisangle lè foumi pa pete twou nan yo. Tèlman bak sirèt la te vid. Papa m li menm se te yon bòs ebenis. Li te gen yon vye chòp pi ba lakay la. Menm si sa konn rive kèk kliyan fe ti bougonnen papa m te toujou fè efò pou remèt tout moun mèb yo. Li te toujou konn ap di mwen menm ak ti frè m ak ti sè m yo, yon malere dwe toujou kenbe diyite l ak pawòl li. 

Piti ou gwo, se ak de ti degaje sa yo paran m yo te konn fe fanmiy lan bat bouch yo epi regle kèk lot bagay tankou koze lekòl nou. Lè sa pa bon, tout moun rete bouch blanch. Sa konn rive m sòt lekòl se chat la m wè k ap dòmi nan recho a. Lè konsa manman m di nou mèt ti sèl anba lèv nou. Vwazinaj pa te dwe konn afè nou. Manman m te mefye l de vwazinaj yo anpil. Paske nan katye a timoun te toujou ap  malad oubyen mouri. Kanta ti bebe a menm yo te konn keyi sa tankou se mango mi. Manman m te toujou defann nou mache epi manje nan men vwazinay. Li te toujou ap di nou se lontan vwazinay te fanmiy, konnya tout se lougwawou ak galipòt.

Apa manman m ki te konn fè yon ti kout pye nan legli batiz nan katye a paske li te nan grand koral, nou pat vrèman moun ki te legliz. Manman m te tankou yon moun ki t al sere legliz, papa m li menm te toujou twò fatige pou l te konsakre sèl grenn jou li a al tande pastè yo k ap di moun sa pou yo pa fè alòske li fè tout tout li menm. Epitou papa m te toujou gen yo kò fè mal. Petèt twòp sousi lavi. Manyen goyin tout jounen pat yon aktivite ki dous. 

Pandan tout anfans mwen se konsa n te konn viv jouk mwen rive nan laj 19 lane konsa. Se te nan laj sou enfliyans zanmi m yo mwen te kòmanse frekante anpil kote mwen pat abitye ale. Granmoun yo te kòmanse ap vyeyi, mwen ak ti frè m ak ti sè m yo  te gen mwens siveyans. Manman m te toujou kenbe bak sirèt li ak koral li, papa m li menm te toujou ap lite ak kò fè mal la pou al voye kèk kout goyin ak rifla nan fè mèb. Mwen, m te kòmanse pran abitid nan al bwè kleren ak zanmi m lè lekòl lage. Yon jou nan al bwè kleren, nou tonbe sou yon patnè ki te vin bwè tou. Nan bay blag li pale nou de yon dans vodou li pwal ladan l pita. San reflechi mwen ak zanmi m yo pran randevou ak msye n al nan dans vodou a. Konsa mwen komanse konnen tout kote ki gen dans vodou. Kòm anpil nan moun mwen te rankontre kote sa yo te plis malveyan ke bon vodouyizan, mwen te gentan konnen kèk ti resèt pou mwen debouye m. Swa pou gen chans nan bòlèt swa pou yon lòt bagay pou fè lajan. Mwen te toujou  vle gen lajan nan men m.

Yon jou mwen te ak ansanm ak zanmi m yo nan yon ti ba fwa sa le zye m te tonbe sou le zye m tonbe sou Chantal. Yon bote sou de pye. Bèl blak, gwo bouda, bèl prestans, jan de fanm ki ka fè yon masisi koryas remete an kesyon oryantasyon seksyèl li. M te annik wè Chantal tout lòlòj mwen te vire, kap te mwen pran van. Mwen pa t wè manzè ak lòt nèg ke mwen. Apre yon ti tan refleksyon pou mete yon bon plan sou pye mwen met gason sou mwen epi m abòde. Move ide! Mwen te monte sou resif, devan tout zanmi m yo, Chantal voye m anlè tankou boul volebòl epi bliye m. Li fè m yon malonèt ki pa rete ak chen epi fè m konprann li pat ran m mwen. Ant tapaj zanmi m yo ak wont manzè te fè m lan m pa konn sa k te plis fè m mal. Men jou sa mwen m al dòmi. Mwen te santi m imilye.

Yon semenn te pase depi jou sa mwen te toujou santi m mal. Bagay sa t ap fini ak mwen. Mwen t ap monte tout plan nan tèt mwen men m pat janm ka twouve yonn ki pou ta fè Chantal peye frekansite l men tou fe manzè vin fanm mwen. 

Poutan yon jou mwen deside al kote yonn nan wougan mwen te byen ak yo epi esplike sitiyasyon an pou m wè sa l te ka fè pou mwen. San pèdi tan msye antre ansanm ak li nan badji l. Li fè m depoze 250 goud epi fè yon limyè pou mwen. Li fè sa pou l fè a epi lwa monte l. Lwa rapid sa papa. Msye di m :

- Ayayay ti gason... 

Li pat fini fraz la epi li gentan banm yon lis bagay pou m achte pou fè Chantal dous tankou chamo nan men m : yon ti poupe, yon chandèl jòn, yon lòt nwa ak kèk lòt fèy mwen pa two  sonje non yo. Sa pat pwoblèm pou m te jwenn kòb la. Jou sa mwen te leve ak yon bon boul bòlèt mwen te mize ki te bay premye lo. Tout sa se te siy ke Chantal dwe pou mwen. Mwen pete kouri al achte tout sa yo te mande m yo san pèdi tan. Menm jou a mwen tounen al pote yo. Wougan an di m depoze yo epi ale.  Tout afè m ap regle. Se te pi bèl jou nan vi m. M gentan te wè m k ap met sik sou bonbon Chantal oubyen k ap sakle chan manzè. M menm gentan wè m k ap pase manzè lòd devan tout zanmi m yo li te fè m wont devan yo a pou m montre se mwen ki te chèf.

Men yon semenn pase, yon dezyèm pase m anyen pat regle vre. M te tante abòde Chantal, yon fwa ankò m pran yon mechan malonèt ki te ka rache nen m flanke atè. Mwen pete kouri monte lakay wougan pou m mande l sak pase. Li kalme m epi banm yon ti papye pou m mete nan pòch mwen. Erè !

Depi jou m fin pran ti papye sa men wougan an, mwen pa ka dòmi nan kabann mwen. Kan l minui, vle ou pa, dife soti nan bouda m mwen tonbe vole lougawou sou do kay moun nan katye. Se jis lè l pwal fè jou pou m ap antre lakay mwen. Wougan te banm yon pwen lougawou. Lè m al kote msye pou fe l esplikasyon li fe m konprann se frekan m ye pou m vin mare pitit fiy li kay gangan. 

- Frekan mwen fout ou yon rete trankil. Se ben w te twò ben.

Jou sa si w antre yon kès vyann poul nan bouda m tout t ap fè babekyou. Tèlman mwen sezi. Mwen fè msye eskiz, mwen mande padon. Pou granmesi. Wougan bay pwen, li pa repran pwen.

Mwen te apenn gen 20 tan mwen pa ka dòmi nan kabann mwen, lapli ou pa, depi l fè minui, dife pouse nan bouda m tankou yon djèt epi mwen vole. Bagay sa te fatige m. Li t ap fini ak mwen. Zye m fin fon nan pèdi nuit. Nan bat pou gen Chantal, mwen te jwenn yon pwen lougawou k ap fini ak mwen. Mwen pa gen pesonn mwen te ka esplike sa. 

Yon nuit pandan m t ap layite kòm sou tòl yon vwazin ki te fenk akouche mwen te deside kanm antre lakay la pou m rakonte manman m tout bagay. Mwen pa ka te sipòte sitiyasyon sa ankò. Kòm se yon sè legliz la di 2 ou 3 priye pou mwen. Oubyen menm fè legliz la vin priye pou mwen lakay la.

Bo 5è nan maten pandan mwen te nan wout pou mwen te retounen lakay mwen ak tout volim dife m byen cho nan bouda m, mwen te fwape ak yon lòt ki sanble te nan wout tou pou l antre lakay li sou yon gwo chwal. Kolizyon an te tèlman fò nou tonbe nan ti lakou ki te dèyè kay nou an. Lè m leve, zye m ta soti sòt tonbe atè. Mwen te kanpe devanm manman m ki toutouni ak papa m ki te nan pwofon somèy devan pye l. Nan begeye mwen rive mande m manman m :

- anh se papa m ou fè tounen chwal ou ?

Manman m pat jwenn lot bagay pou di ke:

- Anh Samyèl ou nan kouri lougawou tou?

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro