Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit 5

Mwen te toujou fyè chak fwa yon zanmi m ap vin mande m konsèy sou zafè koupe. Pou anpil bagay ki gen rapò ak fanm, nan baz la mwen te yon referans. Lè yonn nan zanmi yo te gen yon randevou ak menaj li pou al pase yon moman nan otèl, se a mwen li te toujou adrese. Le konsa m tonbe site otel selon pri yo, selon kalite kabann yo oubyen pwòpte douch. San kase tèt mwen te ka bay nenpòt zanmi m referans yon otèl mezi lajan yo pou jere yon moman. Pou yon nèg te rive tel tip fanm, se mwen ankò pou yo te vin mande kòman pou yo te aji. Menm pou koze jete pitit mwen te yon referans. Le w ap plumen fòk ou konn prepare kou. Se pou sa tout msye yo te pran m pou yon bon grenn. Nan antouraj mwen depi se dosye fanm, se mwen pou tout nèg tcheke. Mwen pa te janm pèdi okazyon pou m te pwofite fe eskperyans pou m al esplike zanmi m yo. Sa ki te plis asire repitasyon m toujou an tan yon bon kòk kalite.

Mwen te chaje ak ti menaj. Tout gwose, tout laj, tout kote. Mwen te toujou fye le yon bèl grenn fanm ap debake nan katye lakay mwen epi pou apre pou nèg yo ap vin mande m kote m jwenn denye modèl sa. Moun lakay mwen menm te rele chanm mwen mòg. Tout fanm ki vini mwen refwadi yo. Dam mwen te lwe kay nan men l lan te di sanble se sèl fanmi m mwen poko monte.

Nou konnen pa bò isit tout mi gen zorèy. Kidonk le m ap opere tout moun pran son. Mari dam mwen lwe kay nan men l lan te gen yon sot admirasyon pou mwen melanje ak yon kwent. Li toujou di m te ka pitit li. Paske se konsa l te konn ap fè ti medam yo chante tankou wosiyòl tou. Men tout glwa msye yo te melanje ak krent pou madanm li, ki te gen jevrenn li toujou pa t mande goute yon jou paske depi kèk tan msye ap remet monnen. Sa ki pa t ap deranje m men m te eseye met dlo nan diven m. Vwazen an se te yon gangan.

Men fòk mwen di nou tou mwen te konn pran nan cho tou. Tankou ak Talia, yon katedral fanm, men wote l, men gwosè l, ou pa ta di yon chwal alman, te manke flanke m kèk slap apre m te vle demake l. Premye fwa m te konsyan mwen se yon ti kras gason nan vi m. Oubyen ankò le Nikòl te endispoze nan chanm mwen. M pa konnen konbyen Je vous salue m repete jou.

Men sa yo pat enpeche m rete yon kòk lakou. Se konsa mwen t ap vire. Mwen monte moun tankou kamyonèt. Sof lè m desann mwen pa peye. Sèvis la te telman bon medam konn tou mache ak bon remontan pou mwen.

Men manman m te toujou konn ap di kanaval se 3 jou sa kouri. Mache chache pa dòmi sa soupe. Gen byen jwenn byen kontre. Ayiti se yon peyi mòn, ap toujou gen mon dèyè mòn. Fè koupe fè.

Pou mwen se te pawòl granmoun. Yo pa te gen okenn enpòtans pou mwen. Se lote m t ap lote moun mwen menm. Jiskaske m tonbe sou zo dan grann mwen Noami.

Noami se te yon bèl ti bout fanm. Byen plen tankou bonm. Bouda Naomi te tèlman long ou pa ta di se yon kana. Ti bout jarèt li menm ou ta va di se yon moun ki t ap fè espò depi l tonbe nan vant manman l. Naomi te pran plezi nan mete sèlman ti bout kolan ak ti bout jip. Si manzè pase yon kote gason pa vire konsa nèg sa yo nan tololo. Manzè se te yon tantasyon sou 2 pye. Premye fwa m te kwaze ak manzè se te nan yon atè plat. M pa bezwen di nou. Rad manze te tranpe, li te san soutyen, l ap gouye. Yow mwen dekontwole. Ke m bande pandan 5 jou fòk mwen gen fanm sa. Monchè paradi a se sou late li ye tande.

Mwen te gen gwo chans jou sa li pa t akonpanye ak okenn nèg. Li te an gwoup fanm sèlman. Medam yo t ap bay plezi mwen menm mwen te gen zye sèlman pou bouda Naomi. Mwen te mete tout jennjan m deyò pou m te jwenn nimewo Naomi. Li t ap fè ti kapris men mwen te arive genyen l avan pwogram lan li fini.

Mwen te gen pou prensip pou m pat kouri ekri fi le l banm nimewo l. prensip ke m te jwenn nan yon fim. Men ak Naomi mwen pat aplike l. Annik mwen rive lakay mwen ekri manzè pou mande l si l rive an byen. Li menm tou sanble l t ap tann sa. Li te reponn mwen touswit. Depi jou sa mwen pandye nan telefonn ak Naomi tankou nèg k ap pran sèso nan kamyonèt. Sa w tande pawòl komanse tonbe. Mwen kòmanse layite lanmou m nan bwat mesaj Naomi. Li menm tou l ap di m jan l pa endiferan. Men li di m bezwen ti tan. Nou konnen fanm. Mwen kontinye ensiste. Prezantasyon te deja fin fèt, nou pat pèdi tan pou n ale pi fon nan bagay yo. Li di m li jalou. Tout fi konsa. Mwen di l mwen menm tou. Tout nèg konsa. Mwen di l mwen renmen depi premye fwa mwen te wè l la. Li di m li menm tou. M pa konn kiyès ki t ap bay lòt manti men mwen te kontan. Se sa ki enpòtan.

Jou ap pase m gentan ap reve m nan mitan janm Naomi. Mete sou sa l ap rense zye m ak bèl ti nude. Se ak nude li di m bonjou. Ak nude li di m bòn nuit. Yon swa li menm manke bloke kè m ak yon videyo kote l ap met sik sou bonbon l. Ke m kontan. Men dwat mwen t ap danse salsa ak bwa m san m pa konnen jiskaske l fè l rann souf li. Epi y ap di paradi a pa sou tè a ? Noami cheri mwen pwal manje w tankou kann anana. Mwen pwal kouri rara nan lari w. Kòk mwen pwal chante nan lakou w. Sa w tande m gentan ap di zanmi m yo janm pwal byen pase. Plan m gentan byen monte. Yon mò ankò pou mòg mwen an.

Nan mwens ke 2 semenn pale ak Naomi nou te gentan tankou pwason kwaze nan bouyon. Se manmi, se papi. Se madanm marye m, se papa pitit mwen. Kilè n te marye ? Wa di m, ma di w. Kiyès k ap kaka lòt ? Nou pap janm konnen men se konsa lanmou an te gentan ye. Lanmou an t ap file tankou sèvòlan nan tan karèm. N ap bay fil. Naomi di m sanble m bon jan dezòb. Mwen reponn li ke l pa menm konn ki nivo. Nan fè ti blag, li di m piga m fè lwa pran l sou kont mwen. Nan lespri m mwen di l se 21 nasyon yo ki pwal danse nan lespri l.

San pèdi tan randevou te gentan pran pou li vin we m lakay mwen. Se te jou ki t ap konte. Naomi di m li plumen di. Li pa fasil a satisfè. Pa gen pwoblèm. Mwen poko janm pèdi batay. Naomi di m li renmen plumen ki dire. Pa gen pwoblèm toujou. Mwen toujou gen zonbi m sou mwen. Pat gen koze entim antrenou jiskaske yon swa apre seyans nude yo Noami mande m:

- Bebe mwen gen bagay mwen anvi fè men m pa vle jije m. Mwen pa pran moun ki pa gen moral

Nan lespri m m di m pa vin konfese peche moun mwen menm. Okontrè si Naomi pa veye l m ap ogmante nan peche l.

Mwen reponn :

- Nan koze plumen pa gen peche. Ni koze moral ak etik. Se tèt nou n ap fè plezi cheri.

Sanble m te mete Naomi nan eleman paske apre 2 ou 3 ti mesaj kote l ap pase akote li avwe m ke l renmen 3 wòch dife. Sitou yon gason ak 2 fi. Le m resevwa mesaj sa ke m fè vip. Mwen pase lang mwen sou bouch mwen. Tèt mwen grate m. Pou dat mwen te anvi antre misyon sa nan karye m. Naomi mwen damou w bebe. Mwen gentan imajine janm pwal byen pase. Fwa sa m ap domine baz lan nèt.

- Cheri ki koze jije w sa ? Se pa moun n ap touye ni nou pap vole. Se anba n n ap fè dous.

Sa w tande a randevou kase pou demen maten. Naomi pa t nan kaka li menm. Li di m achte bòz ki te pou li menm ak ti zanmi l lan. Pa gen 3 wòch dife san pay. Sa yon fanm vle, Djadja vle l tou.

Mwen pase rès sware ap netwaye chanm mwen. Premye fwa mwen mete tout volonte sa nan sa m ap fè. Nan yon bat je mwen te gentan mete tout vye ranyon m yo ki te sal yo nan yon vye sak zorye epi fouye yo anba ti kabann lan. Gwo lannuit m ap pase bale sou vye kapèt ki te atè a. Mwen menm wete vye fi l arenye ki te pandye sou tèt mwen depi plizye semenn nan chanm lan. Nan ranje mwen tonbe sou yon moso jenjanm. Nou tou mete l yon kote pou m bouyi l demen byen bonè. Nan konba sa m pwale a tout estrateji bon pou prepare w.

Lè medam yo te debake sou mwen bò 9è yo pat manke pat felisite m. Naomi prezante m bestie l la ki rele Tati. Bèl ti gengenn. Byen plen tou. Apre 2 ou 3 blag pou chase timidite nou te gentan alèz tankou moun ki te toujou byen. N ap bay blag. N ap manje 3 pla spageti m te kouri pran nan men ti machanm pi ba lakay la. Medam yo gentan alèz nan chanm lan tankou se lakay yo. 6 boutèy byè m te achte mete la pou medam yo gentan fini. Kout ri ap pati. Medam yo kontan. Yo gentan an kilòt ak soutyen. Kilòt medam pa bagay 3 pou 100 goud. Se kilòt ki te gen mak ak dantèl sou yo. Mwen santi pantalon m vin lou. M gentan pèdi nan manje medam yo ak zye m. Naomi mande m :

- Ti gason ou te achte bagay la ?

Mezanmi m pa t ap bliye. Mwen lonje 2 ti pake ak yon moso tabak bay Naomi. Manzè prepare jwen boz la tankou se yon bagay li abitye ak li depi l fèt. An 2 ou 3 mouvman, Noami limen sa. Li rale yon premye paf. Lafimen ap monte. Li pase Tati bagay la. Fimen bòz pa vrèman yon bagay mwen abitye fè men pou m pa parèt timoun devan medam yo le yo pase m bagay mwen kouri sou li. Move taktik, mwen manke toufe. Mwen touse. Medam yo ri m. Si m te yon grimo, vizaj mwen t ap parèt wouj yon sèl kou. Men mwen pa kite m destabilize. Mwen fè blag ak medam yo epi m remèt Noami afè l.

Manzè fin awoyo. Pandan nou chita sou kabann lan. Li kòmanse manyen m. Mwen fè tankou m pa enterese. Tati ap gade m. Mwen pran pòz m ap chache mizik pou yo danse. Naomi vire sou Tati. Ti bo kòmanse tonbe sou mwen la. Pandan yon bon 5 minit m pat egziste anndan chanm lan pou medam yo. Kilòt ak soutyen gentan wete. Mwen menm resevwa yon kout kilòt nan vizaj. Naomi agresif. Li pa mezi nan ti karese. Li komanse ap dwate Tati serye. Mwen komanse manyen bwa m. Jan bagay la ye la sanble si m pa degaje m antre nan wonn an m ap mouri an espektatè. Mwen lonje m bò kote Tati epi nou kòmanse pran lang. Sa pat dejanre Noami ki te okipe nan raboure anba Tati.

Sanzatann li vire sou mwen. Toujou ak menm agresivite a. Noami te di m li koupe di men m pa t pran sa oserye. Move jijman. Sa Naomi kòmanse fè nan bwa m lan pa t tibèf. Se yon gwo dragon. L ap flanbe bwa m. Mwen tankou yon moun yo fout pèlebren sou li. Mwen cho. Chalè a fè m vale saliv. Mwen komanse tire. Chache kote pou m kenbe. Mwen kòmanse swe. M ap pouse gwo souf. Sanble m pran. Tati ki te kòmanse souse tete m desann al jwenn Noami anba. Yonn ap gagare bwa m, yon lòt ap woule 2 boul grenn mwen ak lang li. Mwen santi medam yo ap pran kontwòl sevò l. Yo vle rale l mete l deyò. M pa ka sipòte. M pouse yon kout rele l. Jiskaprezan mwen t ap reziste pou bay ti alsiyis –blòde pa bay alisiyis- mwen tonbe ranni tankou se cheval. M pa konn kiyès men rive yon moman yonn nan medam yo pase dwèt li nan fant bouda m. Mwen kabre. Mwen frikat. Mwen fon ti tounen sou te. Piga yo pase m yon dwèt nan twou bouda m non. Naomi leve li li gade l epi di l :

- Sa w gen la ? Sanble w pè.

Sanble m pa si chawa janm te pase a.

Lè Naomi monte sou mwen ti souf mwen te kout. Naomi ap mate sou mwen men se mwen ti t ap rele. Tout prenpip blòdè ale. Alsiyis ak rèl melanje. Mwen mande yon poz. Medam yo pa tande m. Tati pat rete chita gade. L ap woule tete m, l ap souse yonn. Mwen cho, mwen frèt. Apre yo fè echanj. Ak trètman sa. Mwen pa kache di nou mwen pat dire plis ke 30 minit. Nan sèl pase medam yo sakaje m. Mwen te dominan, medam yo domine m. Mwen blayi sou kabann lan tankou yon boksè yo mete K.O ak yon sèl kout pwen. Menm yon dezyèm wonn mwen pat ka fè. Naomi mande m :

- Cheri ou anfòm ?

Mwen jis leve tèt mwen epi mwen reponn li ak yon ti souf kout:

- Wi... pran yon ti dlo pou mwen tanpri.

Mwen tèlman pouse alsiyis, gòj mwen te vin sèk. Medam yo plumen m. Sak sot pase a se yon tantativ asasina.

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro