Chapit 4
Kout zam k ap tire tout la senn jounen se te pou Pòtoprens. Vòlò k ap rale zam epi dechèpiye moun se te pou Pòtoprens. Dayè lè moun k ap viv Potòprens bouke tande kanaval katouch sonnen nen tèt yo anba solèy cho se an pwovens yo kouri vini pou rale yon souf. Se vre gen risk pou w pa tounen Potòprens si w vle pran pòz enpòtan w men w pap mouri mò katouch. Moun pwovens ka tann ti pèlen pou ou oubyen ba w yon ti kout poud men zafè zam lan moun nan pwovens potko abitye ak sa. Menm vòlò an pwovens yo menm se te raman ou tande yo rale kouto sou moun. Mètdam sa yo se te ak ti pwen yo oubyen ak bon lespri yo yo te konn fè ti kou yo.
Nou menm nan pwovens nou te abitye ak bizango. Nou te abitye ak gwoup chwanpwèl nou. Bourik san tèt nan gran chimen. Lougawou k ap taye banda sou tòl yon nouris. Galipòt k ap goumen ak chen nan yon lakou. Malfektè k ap pase ak zonbi apenn solèy kouche. Wa minui, zobòp, manman pou l k ap pwomennen gwo onzè byen ta lè solèy fin kouche, chenn ou tande k ap trennen san w pa wè l, bwourèt san moun k ap pouse l elatriye. Se te istwa sa yo nou te abitye tande nou menm bò isit nan pwovens.
Pafwa sa konn rive tou ou tande yon ti jenn gason resevwa yon ti kout wòch, yon ti kout pil sab oubyen pran yon kout move lè. Sa w a tande britsoukou ou aprann li bwachat. Nan simityè l al pouse bab. Moun nan pwovens pa jwe zanmi. Pou yon ti senp bagay, ou ka bwè dlo dan w. Malfektè ki pwal leve zonbi a se li ki kriye ak plis raj nan veye a. Bagay sa yo tris men se te istwa sa yo nou te abitye tande.
Bon avrèdi, mwen menm, mwen pat janm kwaze ak bagay sa yo sou wout mwen malgre tout lijanboje mwen te ye. Avan ti krik ti krak nan kay la se mwen ki te toujou prèt pou leve vwa m byen sou ti frè m yo. Men depi se nan lari ou pap tande m. Manman m te menm konn rele m kòk lakou. Apre m sòt lekòl, etidye leson m epi al chita sou bout mi pi ba lakay la pou radote ak ti msye yo kan li fè yon lè mwen monte lakay mwen. Mwen pat yon moun ki te renmen mache lannuit tou. Dayè m pa t gen chwa tou. Pa t konn gen kouran, depi li komanse fè nwa se ak lanp tèt gridap nou te konn klere zye nou.
Men depi kèk tan, wi depi kèk, anplis blakawout la te gen yon bagay ki te mete tout moun nan zòn lan sou pinga yo. Vòlò t ap mache pran zòn lan pou yo. Zenglendo t ap dechèpiye kay nan zon lan grenn pa grenn.
Mwen pa vreman konnen ki kote fenomèn zenglendo a te soti ni ki kote li te premye fèt. Men nan katye m nan li te kòmanse enkyete anpil moun. Koze a te kòmanse pale. Se te tankou yon sabòtay. Chak maten nou aprann yon moun te resevwa pati pa yo, vizit pa yo. Sa k te plis enkyete moun yo se sitou lè zenglendo yo pase, non sèlman yo bwote ale tout sa yo jwenn tankou lajan, pwovizyon, televizyon, radyo ak bèl grenn vesèl men tou yo tout pase sou tout fi ki ta nan kay sa. Jèn fiy tankou granmoun. Mwen pa bezwen bay, nou ka imajine.
Bagay sa te enkyete tout moun nan zòn lan. Men lapolis pat ka fè anyen. Bon gen yon polisye mwen tande yo te pase lakay li. Chans pou li menm li pa t la jou swa sa. Se yon ti frè l ki nan kay la ak madanm lan. Zenglendo yo antre. M pa konn kijan yo fè. Yo wonpi ti frè malere a ak chaplèt. Madanm msye pase yon move moman ak zenglendo sa yo ki te fè tren pou li. Yo bwote ale tout bagay enpòtan ki te nan kay la. Dènye nouvèl sa te domine manman m anpil. Tèt madanm lan te preske ale. Tout jounen madanm t ap plede rele Sen Michèl Akanj ak Manman Mari pou mande pwoteksyon.
Se mwen ki te pi gran nan pitit manmanm yo. Men mwen pat wè ki jan mwen ta pwal fè pou defann kay la si yo atake nou. Menm yo vye manchèt nou pat gen anndan kay la.
Jou ap pase, moun kontinye ap resevwa vizit zenglendo yo.
Apre yon semenn. Yon lannuit, li te nan dezè nan maten konsa lè mwen te tande yon bri etranj nan lakou a. Se pat bri ni galipòt, ni lougawou. Se te bri yon moun ki t ap chache kijan pou li te antre anndan kay la. Byen vit mwen te gentan konprann se tou pa nou. Yon lasyè soti nan rèl do m desann fant bouda m. Pye m te tonbe tranble. Mwen te cho, mwen te frèt. Mwen te anvi kriye men mwen te oblije pran kouraj mwen. Mwen mache sou pwent pye epi mwen al souke ti frè m lan pandan m ap imajine ki plan mwen pwal fè la. Msye reveye ak tout dòmi nan zye l. Li poko te konprann sa ki t ap pase. Mwen poko te gen yon bon plan men mwen monte vwa m epi te di ti frè m lan byen fò pou nenpòt moun ta ki nan lakou a tande :
- David, pran zam lan pou mwen anba matla a pou m touye kaka ki nan lakou a.
Sa w tande a ti bri ki t ap fèt nan lakou a tou sispann. Vin gen yon ti silans etranj. Mwen gad ti frè m lan mwen souri m panse te fin bon. Ti frè m lan ki potko fin reveye toujou t ap fwote zye l, li gade m dwòl epi di m :
- Neg sa li ou pa menm gen zam w ap di moun al pran zam anba malta.
Mwen sezi. Mwen fache. Pandan mwen pwal fout msye yon patasyèl pou l fèmen dyòl li. Bri yo rekòmanse. Fwa sa pi fò. Kaka bouyi nan vant mwen.
Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro