Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit 3

Malgre m te fin pase yon nuit ap rezime 300 paj liv pwofesè a te ba l kòm devwa sa gen yon semenn konsa, mwen potko te fini. San bliye bò 4è, EDH te pran kouran l. Tann pou yo te rebay kouran sa ankò se te pran yon gwo risk. Pwofesè sa se nèg  ki pap pè ba w zero jis paske w vin remèt devwa a 10 minit apre kou kòmanse. Mwen te gen sèlman jodia ak demen pou m te remèt travay la. Pa te gen tan pou te pèdi. 

Byen bonè, mwen te leve, benyen epi kite lakay mwen pou m rive nan fakilte a avan etidyan yo gentan pran tout priz yo. Sou wout mwen, m te sèlman gen tan pou pran nan men Tina, machann nan ri Edmond Paul la yon moso pate kòde ki fèt ak vyann poul. Sak vid pa kanpe. Lè m te rive nan fak la, mwen te twouve byen vit yon sal ki vid. Mwen te enstale m epi ploge laptop mwen nan espwa pap gen kou ladan l jodia, odimwens maten an. Sa ki te ka byen banm ase tan pou fè yon bon pati nan devwa a. 

Pandan laptop la ap demare, mwen retire pate a nan ti sachè li te ladan l lan epi san poze tèt mwen twòp kesyon sou kalite sa ki ladan l mwen pase l yon premye kout dan. Move sipriz. Nan plas vyann poul la mwen tonbe sou moso chou, zonyon ak yon ti kras aransò. Tina bon sou mwen. Mwen reziye m. M pa gen ni lajan nan pòch mwen ankò pou m al achte lòt bagay ni tan tou. Mwen mare kè m epi vale moso farin lan nan yon ti kras tan. La bouche yon tou dan kanmenm. Avan m ouvri fichye devwa a, mwen chache kèk bon mizik cho ki te ka motive m. Mwen jwenn premye album Barikad Crew a. Mwen lanse l epi mete kas mwen nan zorèy mwen. Mwen pati pou yon maraton tape.

Apre yon 2è tan konsa pandan mwen te byen konsantre m sou devwa a, m santi yon moun teke zepòl mwen. 

- Oh ! pitit sa, qu'est-ce qui retient autant ton attention ? Mwen salye w ou pa tande.

Se te Patricia, yon demwazèl mwen te suiv plizyè kou ak li depi lè m antre nan fak la. Sa te konn rive tou nou nan menm gwoup travay. Bèl ti bout fanm byen kanpe byen meble men franseè l toujou sou pwent dyòl li. Ansyen kay elèv mè, men li pat vrèman zuzu poutan. Se te fason l. Mwen te eseye koze ak li plizyè fwa men a chak fwa li toujou di m li gen menaj serye l. Epitou ak pakèt pil blag chawony mwen te konn ap bay lè n ap fè devwa yo, mwen pa t enspire l konfyans. Daprè li menm se te yon plumen mwen te dèyè. Anyen ankò. Poutan abitid vin met pye, san m pa rann mwen kont mwen te tonbe nan zanmitay ak li. Si alye m Valery te aprann koze sa li t ap griyen dan l sou mwen epi di m manzè sistarize m.

- Yon devwa ki kwoke nan gòj mwen konsa. Kijan w ye Pat?

- Ça peut aller... Patricia reponn mwen. ah,  je vois pourquoi tu es si matinal!

- Ah ou konnen. M pap vin pemèt mwen boule kou sa akòz devwa sa menm.

Se te toujou yon plezi pou m pale ak Patricia. Ou pa janm konnen nan ti pale ti pale, yon jou li ka banm chans mwen. Men fwa sa mwen te reponn li ak lespwa ke li pa pwal kenbe m nan anpil pale. Ebyen mwen te twonpe m. Manzè trale yon chez epi vin chita akote m. 

- Qu'est-ce que tu écoutes ? 

- Goumen pou sa w kwè... mwen reponn li sou yon ton sèk pou dekouraje tout konvèsasyon pou mwen rekonsantre m sou devwa a. 

Li pran grenn kas mwen te retire nan zorèy mwen pou m te ka tande l la pou l koute. Li fè yon ti siy ak sousi l, depoze grenn kas la la epi mande m :

- Oh comment arrives-tu à te concentrer avec autant de bruit ?

- Mwen te jis anvi tande yon mizik cho pou m kenbe m motive.

- Tu es bizarre. Moi pour me concentrer et faire calmement mes devoirs j'écoute du compas. C'est plus soft.

- Bon tout moun pa gen menm gou.

- Ça, c'est ton genre de musique ?

- Non !

- Quel est ton genre de musique alors ?

- Mizik vodou.

Patricia fe yon ti redrese l epi l gade m dwòl. Nan fakilte a mwen te gen repitasyon nèg ki te gen blag ki pi dwòl. Nan sans sa, pat gen okenn rivalite pou mwen. Menm mwen m pa konn sa k fè m pale kaka konsa. Lè Bondye t ap banm "humour" men l sanble te chape.

- Ou menm ti gason sa ou pa janm di yon koze serye. Ou toujou sou ranse, sou radote ou menm. 

- Oh ! ou poko janm pran yon mechan bakchat sou yon mizik Azor?

- Woyyy!!! Bon sa l ap di konsa?

Patricia te pran san l pou l gade m pi dwòl toujou. Ta sanble mwen choke l. 

- Bagay serye m ap di w la. Pou Azor ap woule tanbou, mande si Gede pa lwa epi pou menaj ap pran kontwòl bouda w ak yon bann bourik san bliye kèk tap.

- ah ou menm m ba w vag ou tande. Menaj mwen pa janm mande m fè bakchat mwen menm. Se moun serye. Bagay konsa pa janm enterese l.

- Al eseye ak menaj ou. Wa achte kèk byè pou mwen pou w remesye m apre. 

Apre replik sa tout lide m di m mwen te touche yon kòd sansib anndan Patricia. Li pran yon ti tan ap reflechi pandan l ap fè sanblan pase stati sou telefonn li. Ta sanble an blag, mwen reveye kèk move fantasm li t ap kache depi kèk tan. Mwen deside jwe sou kòd la plis. Lè m degennen se pou m mete advèse a K.O.

- Bon pa mande Bondye menm avan bakchat sa, menaj ou pouse w yon mechan ti bèf ak sirèt mant. Wa mande rele yon notè pou fe papye koko w bay menaj ou wi.

Patricia eklate yon sel kout epi rele :

- Anmweeeeyyyy... Pa touye m non. Wouyyyy !!!

Pandan yon bon ti tan, nou tou 2 rete san di yon grenn mo. Men mwen sèten sa m te di yo, menm si se te an blag, pa te kite Patricia konsa konsa. M te ka parye laptop mwen an mwen te pike kiryozite manzè. Mwen te retounen ap tape ak yon ti souri nan sou dyòl. Patricia li menm te pèdi nan telefonn li. Apre li depoze telefonn li la epi mande m :

- Dis, tu habites toujours seul? 

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro