Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit 2

« Yow sa k cho? Kote w ye la? Ou gen kouran lakay ou ? »

Se konsa m te resevwa yon mesaj sou Whatsapp Soni, yon patnè ki te nan baz nou an, te ekri m pandan m te chita sou dal lakay la ap tann EDH fè nou gras pou bay yon ti kouran.

Mwen te fin li mesaj la epi m te kouri reponn msye paske fòk mwen te jere ti chaj m te genyen nan telefòn lan.

M ekri msye epi m di l : « Ou mouri nan fim lan, depi maten yo pa bay li. M lakay la. »
Touswit apre msye retounen m yon lòt mesaj pou fè m konnen l ap tcheke m kanmenm. Li fè m konnen tou li pa tèlman anfòm nan po l. Mwen te fin li mesaj msye a epi m depoze telefòn lan akote m epi m fè yon kout zye pou wè si gen limyè ki limen Nazon ki pa gen menm kouran ak zòn kote mwen rete a.

Apre yon bon ti tan, yon ti pitit lakay la rele m epi fè m konnen gen yon moun ki vin mande pou mwen. M reponn li mwen sou dal la fè moun lan monte vin jwenn mwen. Se konsa Soni t ap debake sou mwen ak yon vizaj toumante. Msye te sanble yon nèg ki te vrèman kontrarye.

- Sa w gen w kontrarye konsa alye ? m mande msye pandan l ap ban mwen lamen. Si se kouran w pa jwenn ki fè w konsa, se tout kote wi papa. Mete dlo nan diven w epi tann kouran 24 /24 la.

- A ! Ou toujou ap trip ou menm.

- O ! Mwen fè manti ? Al touye tèt ou pou kouran ki pa gen.

- Monchè se pa pwoblèm kouran mwen gen.

- E sa w gen menm? Ou pèdi nan bòlèt la ankò ?

- Pandan w ap pale koze bòlèt sa la menm. Maten an m leve ak yon bon boul mwen bliye jwe l epi li bay nan midi wi. Kòb klè m pèdi la.

- O! Ou menm pou w leve ak yon bon boul epi w pa jwe ? Monchè ou gen pwoblèm. Jan w pap negosye bòlèt ou sa.

- Monchè se pa sa. Ou Sonje Samennta ? Ti cheri a m te di w m fenk ansanm ak li a ? Li te vin tcheke m lakay la byen bonè maten an…

- An ! M wè sa w genyen ? m mande Soni pandan m koupe l lapawòl. Fanm lan vin tcheke w, w al plimen epi w kase dan w? Nèg pap byen manje nan Pòtoprens.

Sa w tande a m gentan ap chache yon jan pou m pi alèz sou bout blòk mwen te chita a pou m konnen nannan koze a. Paske si yon alye deplase kite lakay li vin tcheke w tou kontrarye konsa  apre li fin fè yon plimen gen yon bagay ki mal pase. Fòk ou pran san w pou w koute. Lapèn yon gason se pou tout gason. Epitou nan koze fanm ak gason depi yon bagay mal pase menm si yonn oubyen lòt di yo pap di moun sa se blag. Nan moun yo pap di sa bon zanmi yo ak baz yo pa ladan l. Sa valab ni pou fanm ni pou gason. Kidonk nenpòt sa li ye a, janm wè tèt Soni ye la li pwal banm koze a nan bon ti manit. Sa ap gen plis detay pase Jounal 4è.

Apre yon ti tan refleksyon, Soni komanse pou l di m :
- Monchè m byen pase. Ou konnen nou pa vin bay piyay nan Pòtoprens. Bon m ka menm di m menm twò byen pase. Men alye manzè se yon dènye kategori bandi wi.

- O ! Epi sak mete w nan eta sa? W al lage flèch kann epi w voye anndan fanm lan? Yow m di w non ak bagay vyann nan vyann sa ou…

- A! Tann non. Sa w gen w prese konsa? Msye mande m ak yon sanblan kòlè. Janm di w la m byen pase. Men ou gen rezon vyann nan vyann m te lage vrèman.

- Ou pa tande.

- A ! m pap okipe w. Mwen avè w se 21 ak 31, menm tenyen yo. Se nan flèch kann plezi a ye. Epitou fanm te toujou di m li renmen plezi sa tou. Li jwenn. Sitou règ li te fenk ale. Li te sou sa. Apre ti karès, pran ti jòf panta-tchoula, manzè monte chita sou mwen epi banm kalite gouyad. Yow m pa kache di w mwen ranni tankou cheval. Apre m mete manzè sou pan kabann lan. Sa w tande a piti bwa pèdi lavi yo. Manzè rive yon lè li rale m sou li epi li mete de men l bò dèyè m, li peze yo byen di, A !

- Epi ou byen pase, kote sa k fè w pa kontan an?

- M poko fin rakonte w ou menm w ap plede koupe pawòl mwen. Kite m fin pale.

- Ok kontinye, m di Soni pandan m fè yon tire pye m.

- Monchè sa m sòt di w yo la poko anyen. Se pa sa sèlman. Ou sonje m di w manzè peze dèyè m byen peze. Sa te fè yon ti deranje m men m te kontinye kanmenm. Adje ! Monchè ou pa konnen nan peze dèyè m, m pa konn si se plezi a ki te nan tèt manzè, li aranje kò l li pouse m kèk bon grenn tap.

- O ! Sa w di m la ? M kase yon sèl kout ri pandan Soni li menm sanble plis toumante toujou.

- Tchuips ! Yow m pa kache di w lè manzè fè m sa m gentan santi m vilnerab. Se tankou m pa gason ankò. M dekontwole. Bon m menm debande.

- O ! Tout koze ? Gad jan yon nèg frajil. Bon Soni jan w renmen bay fanm tap ou menm?

- Se pa menm bagay la monchè. Gason pa ka nan pran tap nan menm fanm monchè. Se nou ki dwe fè bagay konsa.

Mwen kase yon lòt gwo kout ri lè msye di sa epi m reponn msye :
- Antouka manzè fè w remete sa w di la an kesyon. Fanm lan fenk sot gen règ li. W ap pouse l yon pan kadann kote li jwenn tout afè l. Li jis montre w jan l sou sa monchè. Se menm bagay la ou konn ap fè tou. Li ogmante plezi w nèg.

M kase yon gwo kout ri epi m rele anmwey. Bagay pou moun lakay mwen te panse se kèk bagay m te gen sou dal la. M voye zye m m gad Soni, msye sanble toujou twouble men sa pat anpeche m kontinye ri.

- Ou abitye bay tap. Chasè tounen jibye alye. Antouka reziye w pran tap nan men fanm ou. Si l jwenn yon lòt blòdè aksepte pran tap nan men l epi twonpe w, ou pwal kouri plenyen di fanm lan pa bon.

Soni gade m, li tchuipe m epi li di m :
- Jan w pran pòz lespri ouvè w sa sa k anpeche w ap kwaze ak yon bandi konsa tou.

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro