Chào các bạn! Vì nhiều lý do từ nay Truyen2U chính thức đổi tên là Truyen247.Pro. Mong các bạn tiếp tục ủng hộ truy cập tên miền mới này nhé! Mãi yêu... ♥

Chapit 1

Zafè ti jenn ki sòt nan pwovens ak fanm nan Pòtoprens

Sa fè lontan m ap di tèt mwen: "Layann gen kèk bagay si w vle regle, kèk objektif si w vle atenn fòk ou chanje fason w ap viv epi sispann frekante kèk zanmi". Se pa paske m te nan move bagay oubyen zanmi m yo te nan move zak poutan. Non!!! Men si Pòtoprens te yon inivèsite sou koze fanm ak gason, mwen ak zanmi m yo t ap resevwa diplòm nou lontan, ak mansyon ekselans anplis. Sa nou fè pandan 5 an sa yo kont pou granmoun nou nan pwovens ta tonbe mache nan jenn tout jounen san rete pou mande Bondye padon.

Blag nou lè nou chita an gwoup se bagay ou pa tande nenpòt kote. Nou pa te nan yon konpetisyon deklare men chak istwa te pi tchak, pi dwòl, pi chawony pase sa w te tande avan. Chak lè nou kwaze se te toujou konsa, chak nèg te dwe fè efò pou gen istwa w pou w rakonte. Se petèt fason nou pou nou pa te abòde vrè pwoblem nou chak t ap afwonte nan etid nou. Fason nou pou nou te montre nou chak ap byen pase jan atis yo konn di li a. Sa fè m sonje yon lè pandan nou tap koule kèk byè gen yon alye, ant de ou twa gòje, ki te mande nou byen fò :

-Msye nou poko janm koupe yon fanm ki gen gwo vwa ?

Tout nèg reponn tankou yon koral : « Non »

-Kisa ??? Nou poko janm pran plezi msye... sa gen yon bas le w ap pouse l yon bakchat. Bon si w ap ba li yon ti bèf ki mache nan san l menm se sa nèt. Wa di se yon gwo kamyon byen chaje k ap monte mòn Pilbowo.

Sa w tande a se atè nèg kouche pou w ri. M pa janm fin konnen si se pou plezi oubyen pou vin bay eksplwa yonn fè oubyen ankò pou fè djòle men istwa sa yo ka fè w ri jis ou pipi sou ou. Yon kote se sa nou t ap chache : ri, ri jiskaske nou bliye pwoblèm nou nan kapital la. Nou te debòde nan koze fanm ak gason epi nou te renmen rakonte sa. Sa ki te fè nou goute chen, nou goute chat. Menm Madan Kolo te ka pran de ne si li te toujou vivan. Yon istwa poko fin pase nan lespri nou, yon lot nèg lanse :

-Msye nou poko janm koupe yon fanm lèd ?

Tout nèg reponn ankò : « Non »

-Vouzan msye. Nou fè tankou se sèl bèl fanm sèlman nou frekante nan Pòtoprens. Antouka msye fòk nou eseye. Pou fanm sa tèlman ap fe nou makak sou lèd li a epi nou pa ka voye. Si nou vle dire msye koupe yon fanm lèd.

Wooyyy... sa w tande a tout nèg se chache piye nan yon miray. Istwa sa yo ka fè w pran kriz. Non sèlman nèg yo gen yon jan yo di pawòl yo lè y ap lage istwa sa yo men yo gen yon fason tou yo mime sa yo ap di a ki tèt chaje. Wa di yo swiv yon kou pou sa.

Nou te toujou pre pou tout batay, pre pou leve tout defi apre pou nou vin rakonte. Depi se pou fanm lapli pa lapli nou la. Paske se yon okazyon pou nou pran plezi epitou jwenn istwa pou vin rakonte nan baz. Tankou yon lòt fwa lè mwen ak yon zanmi m fè yon nuit nan yon chanm otèl chaje marengwen ap koupe 2 fanm alòske nou tou de te gen yon egzamen final a dizè nan demen. Chans pou mwen menm m te pase kou mwen an. An apremidi lè nou vin bay blag la nan baz ak kò nou plen boul, nou kraze sa.

Mwen te panse ak zanmi m sa yo m wè tout sa ki gen pou wè, tande tout sa ki gen pou tande, fè tout sa ki te gen pou fèt. Anyen pa te etone m anko. Men se te mal konnen nèg yo. Ou ka domi ak Jan ou poko janm fin konnen kijan Jan wonfle.

Jou sa m pa te atann mwen a istwa sa ditou. Sitou annapre m vin ap pran rekil nan pran plezi epi konsantre m plis sou kèk pwojè m te gen. Akòz pa gan kouran epi lòt aktivite m te vin chwazi travay lannuit. Konsa yon lè, apre yon nuit ap travay, mwen te al kouche bò 5 è yo konsa. Li te 6 è boul lè telefòn mwen pran sonnen. Kòm m ap viv yon kote pou kont mwen, m te pran abitid reponn apèl menm si li deranje m pou si se manman m ou yon lòt fanmi ki bezwen pran nouvèl mwen. Ak tout dòmi nan zye m, m pran apèl la epi m tande yon vwa yon alye m konnen byen.

-Yow alye sak cho ? M gen blag pou ou.

-Blag la pa ka tann alye ? Apenn m ap bat pou m fè yon somèy la.

-Non monchè ! bon e mwen ki sòt fè yon nuit pa dòmi an. Fòk m ba w blag sa alye.

Depi m tande fè nuit pa domi m deja konnen sa ki pase. Donk m ap fè yon jan pou m voye msye ale byen vit epi reprann somèy mwen.

-Ou sòt koupe yon grenn ?

-Pa nenpòt grenn alye.

-Taina ? ou resi koupe djazz sa?

-Ki Taina msye ap di la ? Yow ou poko janm ap koupe yon fanm pou lwa monte l ?

-Kisa ou dim la ?

-Yow m sòt pase yon nuit ak yon fanm la alye. Pandan m ap bay manzè yon pan kabann lwa pran manzè. Nèboulem alye!!!

-Kisa w fè? Ou kouri ? m mande msye pandan m leve chita sou kabann lan paske koze mande chita. Pawòl sa yo pa bagay moun pale kouche.

-Sa w te vle m fè ? m kontinye voye bwa monte alye.

-Ak tou lwa nan tèt fanm lan ?

-Jan w tande a piti. Lwa ou pa, m pa tap kite sa pase menm. Se pa ti filin non. Lwa ka gouye sa papa. Bondye ki fè m te gen nenpòt twa ti plat dèyè tèt mwen. Lwa a jwenn tou frèranm. Nèg Okap pa vin bay piyay.

-Bagay serye w ap di la?

-Tchuips ! m serye tankou pis alye. Bon lwa a sanble tèlman jwenn plezi li menm banm yon boul bolèt. M pwal jwe l talè la epi pita gwòg li ye. Satan kontan!!! W ap tcheke m ?

-Yah, m ap tcheke w alye.

Konsa m rakwoche telefòn mwen epi m chita ap reflechi. Nèg yo tchak vre msye. Lwa menm !!! La li se swa m kite baz la nèt oubyen m tounen ak yon istwa ki pi tchak pase sa. Kisa ki ka rivalize ak yon koupe yon fanm ki gen lwa ?

#LAYANN

Bạn đang đọc truyện trên: Truyen247.Pro